Yon powèt natif natal
Wòklò-Stephane SAINTIL
Jiyè 2015
M pa twò maton nanpale sou pwezi. M toujou panse pwezi -tankou lanmou oubyen lanmò- se yon bagayn ap viv chak jou san nou pa janm rive di kisa l ye tout bon. Men si yon jouyon moun ta mande m kisa ki pwezi, san m pa twò awogan m ap ba l li ti mosotèks sa :
Pi bèl fanm mwenkonnen
Se yon flè jadensevre
Lalin pa t gen lajpou l gwòs
Lè nou koupelonbrit lanmou
Ba l chans grandi
Nan rèv kay klise
Si lanmou se zakmalonèt
Mwen renmen w poum konplis
Pou demen nou plenkri timoun inosan
Konplisite, paj31, Edisyon Ruptures
Ekstrè sa soti nanyon liv ki gen pou tit Gouyad legede – Zile fou » ki se premyerekèy powèm Jeudinema pibliye nan lane 2010 nan Edisyon Bas de Page. Pwofesèlang ak literati, dizè, Jeudinema se yon jèn gason ki fèt nan vil Jacmel yon 5Dawout 1981. Avan li chwazi plim kòm chwal batay li, li te etidye dwa nanfakilte dwa ak syans ekonomik. Se depi lè li lekòl l ap kouve yon pasyon pouekriti, gen anpil moun ki temwanye jan li te konn kite kou pou l al pase jounennan bibliyotèk. Jeudinema se yon grenn pwomennen, e zèv li pote mak fabrikpelerinaj li yo. Site solèy, Delma, Klèsin ak ri lantèman se kèk nan zòn kotepowèt la te konn depoze pakèt li. Se petèt sa ki fe nou jwenn yon pil kesyónmansou vil nan tèks li yo. Tankou tout powèt li pa rive fèmen je l sou degringolayvil la. Nan paj 39 nan Gouyad legede nou ka li powem sa ki raple anpil yon tèksFranketienne de komedyen ki pote non Billy epi Scheneider te anrejistre :
Ala vil pisannit
rechinya djèdjèbèkèkè bèkatè
Ala vil dyòl vire
Nan kout rèllanmizèrikod
Ala vil blengblenggenggeng
Zenglen boutèy
Pale anpil chireopalè
Ala vil je lanvèje langèt
(…) Alavil, paj39, Edisyon Ruptures
Toujou nan menmlide poze kesyon sou kondiyon lagraba vil la e petèt pou reflechi sou kozerekonstriksyon k ap kleyonnen depi goudougoudou 12 janvye a, powèt la mande poun dekonstwi vil la. Li pa mache nan lojik rapyese osnon kole l ak krache a, limande pito pou n demonte l vis pa vis, pyès pa pyès, konsa n ap rive bati yonlòt vil tounèf :
Pot siyameto
Pot biren
Vin ede m demoutevil la
pyès pa pyès
S on vye kanntèmadan sara
Ki fè aksidan nanmòn Pilbowo
Vitès deraye
Fren voltije
Tout kòl kanni
Depi sou prezidanbann machwè
(…) Pot Mato, paj 42,Gouyad legede
Si n ap prankontwole kantite koze ki pale nan tèks li yo,lanjelis t ap gentan tonbe sounou. Gouyad legede ak San powèm pou Castera youn pou Dambala charye yon bannrevandikasyon sosyal tankou moun fèt pou viv egalego, koze vil, kozetranblemanntè, koze sou plas moun nan mond lan. Men n ap fè tankou ClaudePierre, n ap distribiye yo an twa pilye : premyeman nou jwenn yon pawòl sosyalk ap poze kesyon sou kondisyon malouk n ap viv nan peyi a :
M ap chache yonpeyi nan zantray
lonbway mwen
Koulè lank mwen
Mezi chay mwen
Gwosè soupi m
Yon peyi san boukisan malis
Kote libète paantòtche
Ki peyi, paj 21,Gouyad legede
Kesyónman sosyalak politik yo kontinye nan Powèm sa ki rele pete chen ki se youn nan powemki gen plis fòs evokasyon, ki poze anpil kesyon sou zak nou te poze ki mete nnan kondisyon degraba sa :
Ki kalite peteouragan chen te fè
ki touye zannimo
bwote pye bwa
fè gonayiv relemen l ap pase
ki kalite petepwazon chen te fè
ki pouri chèzpolitik
kapote syèl fas ba
Ekzile bondye debra balan
Pete Chen, paj 38,Gouyad legede
Dezyem pilye noujwenn kay powèt la se yon pawòl lanmou chanèl k ap selebre youn nan pi bèlrejyon ki gen sou latè (kò fanm). Se yon pawòl k ap selebre lavi, yon pawòljwisans ki raple nou fè lanmou se pi bèl jès limanite janm fè :
Akolad temwanye
Chale kò w s onsoley
Ki pa t kouche vre
Eksperyans nenpòtkout dan myèl
Sou wout tonm gato
Pase nou chaje tibo an kachèt
Gouyad dekachte
Akolad anba dra
Paran pa dekouvri
Kòm demen se fètou cheri
Babay
Toutouni m praltann ou
Nan papye kado
Zouzouptoup, paj70, San powèm
pou Castera younpou Dambala
Nou te ka kontinyesite lòt tèks kote powèt la tanmen fe kò ak kò pale, kote kò yo ap fè pwovizyonlanmou pou plizyè syèk, men Jeudinema pa sèlman touche kote fizik lanmou. Nantèks li yo gen kèk refleksyon k ap fèt sou santiman etranj sa. A pati de sa liviv, de eksperyans li fè, li rive konprann lanmou konn bay lapenn pafwa, e setwazyèm pilye a ki pale sou difikilte ki genyen nan renmen :
Jou lanmou tanpe
Okenn moun pa prenmen
M ap pipe toutsezon nan falèz
Vomi kri dèyè mòn
Sèks pa presponsab forè blese
Dekabes, paj15,San powem pou Castera youn pou dambala
Pado m antre nanvi w
M soti ren bloke
Depye devan
Jodia m dako
Lanmou se klekou
Baleyay Chinwa
Kou k touye koukou
Jodi a m konprannwoz s on flè
Ki senyen toutmoun nan kè
Woz, paj 22,Gouyad legede
Pwezi kreyòl la fè yon gwo gany akJeudinema. Li se eritye yon tradisyon batay ki koumanse depi Felix MorisseauLeroy pou rive ak Georges castera, san nou pa bliye tout lòt ekriven ki toujoukanpe tennfas pou ekri yon literati an kreyòl tankou Francketienne, Syto Cavé,Pauris Jean Baptiste, Claude Pierre, Pierre Richard Narcisse pou n site sa yosèlman. Jeudinema gen yon fason li karese, li dodomeya ak lang nan ki raple kèkpowèm Georges Castera tankou Pwèl Fanm, Boulpik ak lòt ankò. Pwezi Inema a seyon pwezi ki kapte tout vibrasyon, tout bri lari, tout fason jèn yo pale, sarann li degaje yon lodè modènite, li « pran lang lari a, li transfome l an langpa l. Li remèt lari a lang li, pi rich, pi bèl. Travay restitisyon sa a, sepetèt youn nan pi bèl reyisit nan istwa literati nou : envante lang pa nou nanyon langaj » (Lyonel Trouillot)
Jeudinema se lotètwa rekèy powèm : youn an fransè ki gen pou tit Archelle le poème de ton sein gauche ki parèt nan edisyon Ruptures; epi de lot rekèy an kreyol ki gen pou tit Gouyad legede : zile fou avek San Powem pouCastera youn pou Dambala. De liv sa yo parèt nan menm edisyon. Jeudinema semanm atelye Jeudi soir, li se animatè «Vendredis litteraires » e li travay nanseksyon kiltirèl Televizyon nasyonal peyi a.
Source : Parole en archipel
Lapoésie créole haïtienne dans une anthologie
Par e-Karbe
Octobre 2015
Sousle titre Anthologie bilingue de la poésiecréole haïtienne de 1986 à nos joursvient de paraître unouvrage qui témoigne de la présence assidue de la poésie dans la littératurehaïtienne.
Lesauteurs de cette Anthologie bilingue de la poésiecréole haïtienne de 1986 à nos joursparcourent 20 ans depoésie, de 1986 avec la fin de la dynastie des Duvalier, à aujourd’hui. Ilsinventorient et observent l’évolution et la libéralisation de la poésiehaïtienne de langue créole, évolution qui contribue à la dynamique de lalittérature haïtienne et favorise, pour une bonne part, à l’épanouissement dulectorat en Haïti. Mehdi Chalmers, Inéma Jeudi, Chantal Kénol, Jean-LaurentLhérisson et Lyonel Trouillot ont ainsi réuni et traduit les poèmes contenusdans cet ouvrage collectif pour faire connaître encore plus largement cesauteurs. Pour ces initiateurs, l’Anthologie bilingue de la poésie créolehaïtienne de 1986 à nos jours « a pour vocation de faire entendreles voix de plusieurs générations de poètes vivants et de saluer la mémoire deprestigieux disparus tels René Philoctète et Pierre Lajoa. »
On yretrouve des voix comme celles de Georges Castera, auteur de nombreux recueilsde poèmes en français, mais aussi en créole comme Gout pa gout (Mémoired’encrier), qui regroupe une cinquantaine de poèmes créoles ; ou celle deKettly Mars qui, avant d’être auteur de nouvelles et de romans très remarqués,a commencé sa carrière d’écrivain avec la poésie, « genre littérairepar lequel l’auteur exprime sa créativité et va à la rencontre del’Autre » (Wikipedia). James Noël, Syto Cavé, Dominique Batraville,René Philoctète, Pascal Lafontant et Lyonel Trouillot font parties des auteursrépertoriés dans l’anthologie.
MehdiChalmers et Lyonel Trouillot, dans la préface de l’anthologie parue enseptembre 2015
« Aujourd’hui,nombreux sont les auteurs qui sont originaires des milieux populaires, qui ontgrandi dans les quartiers défavorisés de Port-au-Prince ou d’une autre ville,qui ont vécu la sale vie des rues qui ne dorment pas, des maisons surpeuplées,croisé les cadavres abandonnés des anonymes assassinés. Ils amènent à lalittérature, à la poésie, un autre ressenti. Le ressenti de celles et de ceuxqui n’ont pas grandi dans les bibliothèques, qui n’ont pas connu l’époque où desparents bienveillants et conservateurs disaient à leurs fils : « Mais pourquoiperdre ton temps à écrire en créole ? » Ils amènent à la littérature des amoursqui ne sont pas nées dans les livres, des colères et des désespoirs, desespoirs aussi, qui sont leur ventre même, leurs plaies vives et leurs parisintimes. Ils amènent aussi un autre rapport à la langue. […]
Lecréole réalise collectivement par la poésie depuis 1986 un geste de re-créationde l’Être haïtien, de réappropriation de la parole profonde, vivante, en créantune langue, en créant la langue vulgaire, au sens de cette langue vulgaireitalienne que Dante créa, en s’en saisissant et créant par là même sa languelittéraire : devenant comme l’un des phares, il montre l’horizon que devra conquérirchaque langue littéraire. […]
Enréalité, la poésie créole puise d’abord dans le creuset de ceux qui, commementionné plus haut, n’ont pas facilement accès au trésor polyphonique de lalittérature des autres continents, française ou autres. Qui a dit que le créolegère mal le détail? C’est aussi le détail et la quête de sens du quotidienpopulaire qui entrent en poésie.
Latradition de la poésie créole s’invente bien plus dans le visible etl’infravisible de l’univers quotidien de tous, d’un tous à présent plus réel,avec le surréalisme, le réalisme socialiste, le réalisme magique, l’imagisme,ou toutes les écoles, tendances et mouvements que vous voudrez ajouter, inclus,enjambés, et, qui sait, dépassés par moments.
Cettepoésie créole, dont nous retenons quelques manifestations depuis 1986, estavant tout l’œuvre de ceux qui vivent une forme de vie entière et assumée, unevie non pas encore changée (loin de là !) mais – et c’est déjà fondamental –une vie internalisée par un acte d’écriture, et projetée vers une transmutationpossible. »
Poèmesrassemblés et traduits par les membres de l’Atelier Jeudi soir, Mehdi Chalmers(professeur de philosophie et poète), Inéma Jeudi (poète, journaliste), ChantalKénol (assistant directeur littéraire de l’Atelier Jeudi soir, écrivain,poète), Jean-Laurent Lhérission (urbaniste, poète) et Lyonel Trouillot(romancier et poète, intellectuel engagé, acteur passionné de la scènefrancophone mondiale).
Anthologie bilingue de la poésiecréole haïtienne de 1986 à nos jours
EditionsActes Sud, septembre 2015.
192 pages, 22 euros.
Source : e-Karbe