Analiz rezolisyonAkademi kreyòl ayisyen an
sou òtograf kreyòl la
LemètZefi
Pòtoprens, 20.06.2017
LemèteZéphir
Premye koze
Rezolisyon 1ye jen 2017 sou òtograf kreyòl la se premyepiblikasyon Akademi kreyòl ayisyen an (AKA)depi li kreye ofisyèlman an2013. Dokiman an ki te dwe soti depi an 2015 pibliye an 2017 akòz difikilte konsansis ant majoriteakademisyen yo. Nèf dispozisyon rezolisyon an abòdepwoblèm alfabè, fòmlong ak fòm kout sèten mo, apostòf ak tirè, òtograf non moun, non pwòp vil aknon ri, grafèm “r” ak “w”, aksangrav, senbòl ak lèt lòt sistèm alfabetik, non siy ponktyasyon ki egziste nan òtografkreyòl ayisyen an. Majorite pwopozisyon AKA sou detay òtograf yo deja prezan nan pratikredaksyon kreyòl moun ki pi avanse nan domèn nan depi plis pase 20 an.
Rezolisyon an kenbe alfabèòtograf ofisyèl 1980 an jan li ye a : 18 grafèm (pami yo 2 digraf: ch ak ng) ki reprezante 18 son konsòn, 11 lòt grafèm (pami yo 5 digraf)ki reprezante 11 son vwayèl, 3 grafèm (pami yo digraf ui) ki reprezante 3 demi vwayèl, ak oun, yon trigraf ki ta reprezante yonvwayèl nazal. Rezlisyon AKA a elimine wòl kole mo ak fòm gramè tankou detèminanki vini apre yo òtograf 1980 an te bay tirè a. Men li ajoute wòl koupe mo nanfen liy ak separe mo nan espresyon dire, entèval ak lis detay. Rezolisyon AKA aanile apostwòf nèt nan sistèm nan kontrèman a òtograf ofisyèl 1980 an ki tekenbe li pou fòm kout pwonon sijè. Òtograf non pwòp, diferans ant wòl “w” ak “r”,ak non diferan siy ponktyayon pa te prezan nan òtograf 1980 an. M ap analize rezolisyonan an kat pwen san antre nan anpil detay.
Pwoblèm estilistik nanrezoliyon Akademi kreyòl la
Yon senp lekti jisfikasyonrezolisyon an montre yon seri pwoblèm estilistik ki merite atansyon. Twasitasyon pi ba yo se yon echantiyon :
“Akademi kreyòl ayisyen antanmen yon demach patenarya ak ministèedikasyon nasyonal…” (premye liy premye paragraf kontèks la)
“Akademi kreyòl ayisyenan, nan tèt kole ak MENFP… òganize sèt jounen atelye… (premye liy paragraf 4,kontèks)
Pwen II- Konsidrasyonlegal yo aliyen yon seri jistifikasyon ki kòmanse ak paske epi ki prezante desizyon yo nan yon lòt fraz ki kòmanse ak “Poutout rezon sa yo”.
Premye sitasyon anba pwen 1.pi wo a sèvi ak mo tanmen kòm sinonimkòmanse, lanse. Mo tanmen an antre nan estil familye (sètenlengwis pale de rejis). Espresyonant 2 vigil dezyèm sitasyon an ki separe sijè a ak predika a (vèb nan langajgramè tradisyonèl) se yon entèferans lang franse. “Sèt jounen” atelye a panatirèl nonplis. Ayisyen ta di: “yon atelye sèt jou”.
M pransitasyon sa yo kòm egzanp. Nan atik mwen ki rele Analiz Lwa sou Akademi kreyòl laki poko pibliye, m egzaminedivès kalite erè òtografik nan kesyon kole mo, separe mo, mank konesans nan domènfonoloji kreyòl ak pwoblèm sentaks ki trayi bon entansyon redaktè yo. Atik 34 lwaa kole « kijan » epi atik 32 dekole li : « ki jan ». Atik 11-k kole « bonjan ».Lwa a pibliye nan Moniteur No 65, 7 avril 2014.
Apwòch preskriptif ki kreye AKA a prezan nan rezolisyonsou òtograf la
Moun kesyon akademi anenterese kapab li Èske yon akademi se yon kondisyon pougen pwodiksyon syantifik nan tèl lang ?(ZÉPHYR,2013) pou yon analiz detaye. Nan atik sa a, m montre tradisyon akademi lang nanmenm mare ak prejije ki fè moun kwè akademi la pou deside jan pou moun pale soufòm preskripsyon. 2 sitasyon pi ba yo m pran nan premye rezolisyon sa a montreprejije sa a prezan nan lespri akademisyen ayisyen yo.
Dispozisyon 3.1. : “Lè mo ‘mwen, ou, li, nou, yo’ parèt sou fòm kout(…), nou pa dwe kole yo ni ak mo ki vini avan yo an ni ak mo ki vini apre yo a.”
Dispozisyon 6.1. : “Devan vwayèl won (…) se “w” pou n itilize.
Espresyon “nou pa dwe” nandispozisyon 3.1 an ak “se ‘w’ pou n ilize” nan dispozisyon 6.1 an pase moun kiap ekri kreyòl yo lòd olye yo vini ak agiman osinon ak demonstrasyon syantifikpou kore pwopozisyon yo. Yo itilize metòd otorite ansyen tan kòm si otorite Letate gen pouvwa chanje mòd pale nòmal yon popilasyon. Sa fè nou sonjepreskripsyon dènye ansyen Petit Dictionnaire Larousse : “Dites vs. Ne dites pas”.
Feblès lojik : yon konsepsyon lokal sou yon pwoblèm global
Dispozisyon # 4 ak 5rezolisyon AKA a trete non pwòp kreyòl an 2 pwen kòm si te gen yon diferans antnon moun, non vil ak non ri. Non pwòp se yon fenomèn jeneral nan kad yon òtograffonolojik ki chita sou prensip reprezantasyon fonèm, sa vle di, ki sèvi ak senbòlpou reprezante son ki kapab fè diferans ant sans yon pè mo tankou nan /tata/ ak /dada/, /papa/ ak baba/, /gaga/ ak/kaka/… kote opozisyon ant /t/ ak /d/, ant /p/ ak /b/, ant /g/ ak /k/… lakòz prezans oubyen absansyoun nan son sa yo nan chak mo ki fòme pè chanje sans yo. (Gade Dejan 1985,1998 sou sa.)
AKA mande pou yo ekri nonmoun jan yo ekri nan dokiman legal ak administratif yo dabò epi pou yo ekri fòm kreyòl la ant parantèz. Apwòchla bliye gen twa gran gwoup òtograf sou latè ki divize an òtograf alfabetik kisèvi ak lèt pou reprezante fonèm, òtograf silabik ki sèvi ak senbòl/desen/grafèmpou reprezante silab tankou an japonè, òtograf ideyografik ki sèvi ak desen yorele ideyogram tou pou reprezante lide tankou nan lang chinwa. Menm nan gwoupalfabetik la senbòl divès òtograf yo pa egzatman menm. Preskripsyon AKA ainyore done pratik sa a. Nan òtograf fonolojik, yo reprezante tout mo etranjedapre sistèm pwononsyasyon majorite manm kominote lengwistik ki akeyi yo kèlkeswakote mo yo soti, kit se mo òdinè, kit se non pwòp, paske se ak menm fonèm yopopilasyon an sèvi lè y ap pwononse nenpòt ki mo. Diferans ant non pwòp anjeneral ak mo òdinè parèt sèlman nan opozisyon ant majiskil ak miniskil. Koumanpou yo ekri non pwòp Jwif, Arab, chinwa, japonè, nan lang original dokimanlegal oubyen administratif yo nan òtograf alfabetik kreyòl ayisyen ki sèvi ak alfabè laten ?
Feblès teyorik nan domènfonoloji
Rezolisyon AKA a konsakre erè ki te deja nan òtograf ofisyèl 1980an lè li mete ng ak oun nan alfabè dispozisyon 1 an prezantea. ng fè pati sa yo rele yon son kontèkskreye nan fen yon seri mo apre yon vwayèl nazal men ki pa parèt nan okenn lòtkontèks. Egzanp : yo di langue /l̃g/ anfranse, men an kreyòlpaske apre yon vwayèl nazal, nan fen mo, fonèm /g/ tounen /. Sa lakòz menm lè Ayisyen ap pale franse, si noupa veye bouch nou, n ap di ̃g/. Men,nou p ap jwenn son / nanokenn lòt kontèks mo ki pa fen mo epi apre vwayèl nazal. Nan ka sa a,espesyalis fonoloji yo di : // andistribisyon konplemantè ak /g/. Sa vle di, se akòz /g/ pa ka parèt nan fen mo kreyòl apre vwayèl nazal dapresistèm pwononsyasyon Ayisyen natif natal, ki fè /g/ tounen //. Si // tekapab parèt nan kòmansman, nan mitan ak nan fen nenpòt mo kreyòl, tout kote /g/parèt, yo ta di : // ak /g/an distribisyon kontrastif. Si se te vre, fòk tou le de ta reprezante nan sistèm òtograf la paskeprezans yo oubyen absans yo nan menm pozisyon nan yon pè mo chanje sans mo yo.(Gade Wiebe, 2002 ; Gardes-Tamine, 1990).
Pwononsyasyonfonèm yo kapab modifye selon kontèks yo twouve yo nan chenn pawòl la, osinonselon mòd pale lokitè tèl zòn espesyal, tèl gwoup sosyal. Òtograf fonolojik lareprezante son estab la ase, fonèm nan, pou yon rezon senp: yon òtograf se yonkonpwomi ant de (2) estrèm, reyalite monn lan ak reyalite langaj (Dejean, 1977;Fayol ak Jaffré, 2008). Son yo jwenn nan bouch lokitè yo plis lontan pase fonèmlang nan. Men se fonèm yo ki mèt jwèt la, se yo ki baz sistèm pwononsyasyon an.Piske // pa yon fonèm an kreyòl ayisyen, se kontèksnazal fen mo ki kreye l, moun ki pale kreyòl pa konsyan li egziste, teyorikman,syantifikman palan, sa pa nesesè pou okenn grafèm reprezante li nan yon sistèm òtograffonolojik.
Kesyon 3 lèt kita reprezante yon son ou nazal // la pisenp pou yon demonstrasyon rapid : mo moun /mun/ gen twa fonèm : /m/, /u/, /n/. Lè 2 fonèm rankontre, yobay yon silab. Pè lèt ou reprezantefonèm /u/, nan moun, Soun, Doun, eks.Ou nazal // noujwenn nan sèten mo kreyòl se rezilta kontèks nazal fonèn /n/ kreye a. Li pabezwen reprezante nan yon sistèm òtograf fonolojik menm jan ak //. Oun // pa yonfonèm, se yon silab. Syantifikman, grafèm pa ka reprezante silab nan yon sistèmòtograf alfabetik. Ata Ponpilus [SLND] kenbe menm erè sa a ki nan kominikeofisyèl Edikasyon nasyonal 1980 an.
Dispozisyon # 2 iii. a bayyon esplikasyon semantik/sentaksik pou fenomèn fonolojik fòm kout “ou” a : “Gen kote “w” pa ka ranplase “ou”paske yo pa renmèt menm sans, yo p ap jwe menm fonksyon.” Pè egzanp rezolisyon an bay kòmesplikasyon an :
“(14) Se pa w (ki vle di :se pou ou).
(15) Se pa ou (ki vle di :se pou ou menm)”
pa kapab yon rezon pou tagen enposiblite pwononsyasyon. Tou 2 fraz yo vle di menm bagay.
Se vre gen kote ou p apjanm jwenn fòm kout ou nan fen fraz kreyòl. Pè fraz pi ba yo se yon egzanp klè:
(1) Sa w pran se pa w
(2) *Sa w pran se pou w
Dezyèm fraz la egzije fòmlong ou a poutèt ou vini apre yon mo ki fini ak ouapre son /p/ ki bloke pasaj lè a nèt. Se pa yon kesyon sans, se yon kesyonpozisyon ak anviwònman fonolojik. Nenpòt Ayisyen ap di (3-6):
(3) Pran san w pou w pale.
(4) M pale w!
(5) Mouri mouri w!
(6) Fou fou w.
Egzanp natirèl sa yo mandepou nou pouse analiz la pi lwen avan nou fè konklizyon rapid sou pwen espesyalsa a.
Dènye koze
Objektif atik sa a se teegzamine enpòtans pwopozisyon rezolisyon AKA a 37 an apre piblikasyon òtografofisyèl la 31 janvye 1980, 3 zan apre piblikasyon lwa ki kreye AKA a. Anreyalite, pi gwo kontribisyon rezolisyon an se rekonesans diferans ant “r” ak “w”,eliminasyon apostwòf la, esplikasyon itilite tirè ak non siy ponktyasyon yo kipa t janm poze pwoblèm. Òtograf kreyòl 1980 an prèske yon òtograf ideyal. Li prèskechita sou relasyon kif kif ant fonèm ak grafèm ki reprezante yo. Vrè pwoblèm kimande solisyon yo se kesyon lèt ki konbine ak lèt ki reprezante vwayèl a, e, ò, ou pou reprezante nouvo vwayèl(en, an, ou, on), c ki pa egziste pou kont li nan sistèmnan men ki konbine ak h ki egzistenan system nan pou reprezante /∫/ tankou nan chapo, chen, u ki paegziste pou kont li nan sistèm nan men ki konbine ak i pou reprezante demi vwayèl // nou jwenn nan luil, kuit, zuit…
AKA kòmanse misyon li nandomèn òtograf, domèn ki pi senp nan kesyon lang. Òtograf ofisyèl 1980 an fè pati òtograf ki pi modèn nanmonn lan, ki chita sou devlopman lengwistik. Analiz pi wo a montre AKA bite nanpremye esè sa a.
Rezolisyon an se rezilta kolaborasyonant AKA, Fakilte lengwistik aplike, Ministè edikasyon nasyonal, Sekreteri d Etapou alfabetizasyon ak yon bann pwofesyonèl kesyon kreyòl enterese. 4 nivo feblèsm montre nan devlopman atik la konsène estilistik, sosyolengwistik, lojik, fonoloji.Feblès sa yo se konsekans chwa konsansis kòm metòd desizyon ant 33 akademisyenAKA yo. Si konsansis itil nan rezolisyon konfli, nan desizyon asanble, desizyonsyantifik se rezilta analiz done nan kad teyori ak metodoloji valab toutsyantifik itilize.
Pwofesè Lemèt Zefi
UEH : FLA/ENS
Manm laboratwa Lang, sosyete ak edikasyon (LangSE)
Fakilte lengwistik aplike
Bibliyografi
DEJAN, Iv, Ann etidye lang nou an, Edisyon Demenmiyò, 1995.
DEJAN, Iv. 1995. Ann aprann òtograf kreyòl la. [SL].
DEJEAN, Yves, Comment écrire le créoled’ Haïti ? Thèse de doctorat, Université Indiana, 1977.
FAYOL, Michel; JAFFRÉ, Jean-Pierre. 2008. Orthographier. Pressesnationales de France: Paris. Col Apprendre sous la direction de EtiennenBourgeois et Gaetane Chapelle.
Gardes-Tamine, Joëlle, 1990, La Grammaire 1/Phonologie, morphologie, lexicologie, Paris, Armand colin. (Col. Cursus)
POMPILUS, Pradel, Manuel d’initiation à l’ étude du créole, Impressions magiques, s.l.n.d.
Secrétairerie d’Étatde l’Éducation nationale du Département de l’Éducation nationale. 1980. Kominike 31 janvye 1980 sou òtografofisyèl lang kreyòl la. Pòtoprens.
ZÉPHYR, Lemète.2013. Èske yon akademi se yon kondisyonpou gen pwodiksyon syantifik nan tèl lang? nan Renauld Govain (dir), Akademi Kreyòl Ayisyen Akademi Kreyòl Ayisyen: Ki pwoblèm? Ki avantaj? Ki defi? Ki avni?, Port-au-Prince,Les Éditions de l’Université d’État d’Haïti, p.107-130.
WIEBE, Bruce.2002. Discovering Phonology. Canada Institute of Linguistics.