Kèk mit sou lang kreyòl ayisyen kidwe disparèt
HuguesSaint-Fort
NewYork, out 2016
(Premye pati)
Majoritemoun ki pa lengwis pataje yon seri kwayans sou lang moun pale lan yon sosyetesan pa gen okenn prèv ki baze sou rechèch lengwistik pou soutni kwayanssa yo. Lengwis rele kwayans sa yo « mit lengwistik » (languagemyths) (Trudgill 2003; Van Herk 2012). Pa egzanp, gen anpil moun ki kwègenyen lang ki pi “primitif” pase lòt, osnon chanjman lengwistik se yon fenomènke grameryen yo dwe konbat paske l ap detwi varyete estanda ki tabli lan yonsosyete. Lan sosyete amerikèn lan, te genyen yon lide ki te fè kwè ke anpil lankarakteristik angle Nwa Ameriken (African American English) yo pale, se tekonsekans gwo dyòl (large lips) Afriken Ameriken yo genyen (Van Herk 2012:153).
Mitlengwistik egziste lan tout sosyete men yo kapab pran fòm ki diferan selonistwa sosyete a, osnon dapre lit sosyal ki ap dewoule lan sosyete a. Lan tirale mwen pral fè la a, mwen pral egzaminen senk (5) mit lengwistik k ap minensosyete ayisyèn lan depi lontan.
Premye mit sou kreyòl : kreyòl ayisyen pa gen gramè
Se pigwo mit ki egziste lan lespri anpil moun ki ap kritike lang kreyòl ayisyen.Dapre moun sa yo, youn lan pi gwo andikap kreyòl ayisyen se gramè li pa genyen.Yo fè konprann ke tout lang dwe genyen yon gramè (sa se vre!) e si kreyòlayisyen pa genyen yon gramè, li pa kapab yon lang. Men, ki sa yo rele gramè?
Dapresyans lengwistik, gen plizyè fason pou defini mo “gramè”. Definisyon kipi laj la se: tout règ ke manm yon kominote lengwistik posede lan sèvo yo e kipèmèt yo pale e konprann yon lang. Lan nenpòt ki sosyete, lokitè yo konnenmajorite règ sa yo. Lokitè yo aplike règ sa yo lè y ap kominike ak lòt moun kiviv lan sosyete a. Se sa ki fè youn konprann lòt. Donk, yo posede gramè langlan.
Genyensosyete kote grameryen fè travay rechèch pou dekri lan bon ti mamit ansanm règke manm kominote lengwistik la genyen lan sèvo yo. Lè sa a, grameryen yo ekriyon liv ki dekri règ sa yo. Yo rele liv sa a tou ‘gramè.’ Men, sepa tout sosyete ki genyen liv gramè. An reyalite, majorite sosyete pagenyen liv gramè. Sa pa anpeche tout moun ki ap viv lan sosyete sa yo kominikeyoun ak lòt san pwoblèm. Donk, absans liv gramè lan yon sosyete payon pwoblèm ditou pou sosyete a. Ayiti se yon bon egzanp verite sa a. Kite msiyale yon michan liv gramè kreyòl ayisyen ki parèt pandan ane 2015 la. Li rele« Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an ». Moun ki ekri li se yonlengwis ayisyen ki rele Jockey Berde Fedexy.
Jantit la montre nou, gramè sa a se yon gramè ki dekri sistematikman ki jan langkreyòl ayisyen an fonksyone san li pa di nou ki jan pou nou pale lang lan. Seyon gramè deskriptif. Sa vle di lengwis la adopte yon apwòch ki konsantre soujan lokitè yo itilize lang lan san li pa di si tèl fòm gramatikal« kòrèk » osnon si li « enkòrèk ». Se pa yon gramèpreskriptif. Yon apwòch preskriptif se yon apwòch ki montre jan lokitè yo tadwe itilize lang lan paske genyen yon « bon » jan, epi genyen yon« move » jan. Yon apwòch preskriptif pote yon jijman sou fasonmoun pale osnon ekri. Lan prezantasyon gramè li a, lengwis Jockey Berde Fedexy(2015 : 16) ekri : « liv sa a pa la pou di pèsonn kisa [kisa] pou yo di ak kisa [ki sa] pou yo pa di, kisa [ki sa] pou yo ekri ak kisa[ki sa] pou yo pa ekri. Men, kòm tout bon analiz lengwistik, liv sa a dekri samoun di nan lang kreyòl la, kijan [ki jan]yo di l, e ki fenomèn lengwistik kifè se sa yo di, jan yo di l la. »
Donk,pou rezime, « gramè » se yon konesans enkonsyan tout lokitè natifnatal genyen sou lang manman li san li pa bezwen ale lekòl pou aprannlang lan. Sa vle di tout lang sou latè genyen yon gramè. E kreyòl ayisyengenyen pwòp gramè pa li. Ann Ayiti, tout timoun ki fèt epi grandi lanpeyi a konn pale kreyòl anvan li antre lekòl. Gramè yon lang, nenpòt ki lang,posede omwen 3 pati : yon sistèm son distenktif lengwis yo rele fonoloji,yon sistèm mo ki fè sans lengwis yo rele leksik, epi yon sistèm aranjmanmo yo ansanm ki pèmèt yo fè sans ki rele sentaks. Kèlkeswa lan sans noupran mo « gramè » a, kreyòl ayisyen genyen gramè. Lan sans yon sistèmki pèmèt tout kretyen vivan pale yon lang san yo pa bezwen ale lekòl pou pale ekonprann lang sa a, donk yon sistèm nou posede enkonsyaman, li klè ke kreyòlayisyen posede yon gramè. Lan sans yon liv ki dekri tout règ ki pèmèt mounkominike youn ak lòt, kreyòl ayisyen posede gramè menm si pa genyen anpil.
Dezyèm mit sou kreyòl : kreyòl ayisyen se yon dyalèklang franse
Mit saa mache men lan men avèk premye mit mwen site a. Dapre yon seri moun, kreyòl ayisyen,paske li pa gen gramè, pa kapab yon lang menm jan ak tout lòt lang. Se yondyalèk lang franse li ye. Men, ki sa yo rele « dyalèk » ?
Poumoun ki pa lengwis, yon dyalèk se yon fòm kominikasyon enferyè ki egziste lanyon sosyete. Moun ki pa lengwis mete sou menm nivo dyalèk, patwa…Yo pakonsidere fòm kominikasyon sa yo tankou veritab lang. Se pa konsa lengwis yoprezante kesyon an. Pou majorite sosyolengwis yo (Trudgill 2003; Hudson 1998;Finegan 2004; Van Herk 2012), yon dyalèk se yon varyete lengwistik ki diferansou plan sentaks, fonoloji, ak leksik de lòt varyete yo e ke lokitè yo pale swalan yon rejyon jeyografik, swa lan yon klas sosyal presi. Lan majorite sosyetesou latè, yon lang se yon rasanbleman plizyè dyalèk selon zòn kote moun pale yo,klas sosyal moun ki pale yo, elatriye…Pa egzanp, ann Ayiti, genyen yon dyalèkyo pale lan Nò peyi a (kreyòl lan Nò), lan Sid peyi a (kreyòl lan Sid), lanLwès peyi a … Anplis de sa, kreyòl lokitè ayisyen pale diferan dapre etid yofè, edikasyon yo resevwa, pwofesyon osnon metye yo pratike, sèks yo (gason patoujou pale menm jan ak fi)…Donk, nou kapab konsidere ke diferan dyalèk lanlang kreyòl moun pale ann Ayiti kapab ede konprann sa ki fè kreyòlayisyen fòme yon lang. Menm jan diferan dyalèk ki egziste lan peyiEtazini osnon lan peyi Lafrans pa egzanp fòme lang angle osnon lang franse.
Lideki dèyè tèt moun ki di kreyòl ayisyen se yon dyalèk franse se chèche montre kekreyòl, lang matènèl pèp ayisyen an se yon restavèk lang franse ki pa janm rivedevlope tèt li pou rive yon lang avèk pwòp estrikti pa li. Yo baze yo sou gwokantite mo franse ki lan leksik kreyòl ayisyen pou yo di sa. An reyalite, sa yopa konprann lan se ke nanpwen lang sou latè ki devlope pou kont yo, san yo paprete mo lan lòt lang ki te an kontak ak yo. Lang franse prete yon pakèt mo lanlang laten pou li te rive devlope pwòp estrikti pa li, e sa pran li plizyèsyèk ; lang angle fè menm bagay la tou. Espesyalis istwa lang angle diplis pase 40% mo lang angle sòti lan lang franse. Evolisyon sa a rive lè Franseyo te anvayi Angletè an 1066 (sa yo rele La Conquête normande lan istwa peyiLafrans) e enstale yo lan peyi sa a pandan plis pase twa syèk.
Toutlengwis rekonèt ke kreyòl ayisyen se yon lang ki pa restavèk okenn lòt lang soulatè. Li genyen estrikti pa li, li refè sans ak fonoloji mo franse li prete lanmen lang sa a. Li enpòtan anpil pou moun pa bliye ke se pa sèlman lang franseki te patisipe lan fòmasyon lang kreyòl ayisyen. Veritab zansèt majoriteAyisyen se Afriken. Yo te pale yon gwoup lang ki rele gwoup lang Kwa, lan Afrikde lwès rive jis lan Sant kontinan Afrik avèk yon lòt gwoup lang ki rele langBantu. Vin genyen yon fenomèn kontak lang, lang afriken yo, avèk lang franse kipral jwe yon gwo wòl lan fòmasyon lang kreyòl ayisyen (DeGraff 2007). Genyenyon twazyèm eleman ki ta sanble jwe yon wòl lan fòmasyon lang kreyòl ayisyen.Genyen yon lengwis ki avanse yon ipotèz yo rele ‘bioprogram’ (Bickerton1981). Dapre ipotèz sa a, piske moun fèt avèk yon ansanm règ lan sèvo yo poupèmèt yo aprann lang (Chomsky 1957), li ta sanble ke lang kreyòl yo se reziltatravay kreyasyon premye jenerasyon lokitè kreyòl natif ki mete ann aksyonkapasite pou lang ki ine lakay yo paske yo pa te jwenn estrikti sosyal souplas. (Arends et alii (eds. 1994; Mufwene 2001).
Twazyèm mit sou kreyòl : pale kreyòl izole Ayisyen
Mit sa a kòmanse devlopedepi kèk lane. Nou jwenn li kay Ayisyen tankou kay etranje. Pa egzanp, pwofesèJared Diamond ki anseye jeyografi ak fizyoloji lan Inivèsite Kalifoni e ki teresevwa pri Pulitzer lan Etazini an 1997, ekri sa: « Today, about 90%of Haiti’s population still speaks only Haitian Creole (a language spoken byvirtually no one else in the world except emigrant Haitians), and only about10% of the population speaks French. That is, Haitians are linguisticallyisolated from the rest of the world. » (Diamond 2011).(Jodi a,anviwon 90% popilasyon Ayiti kontinye pale sèlman Kreyòl ayisyen (yon langpreske pèsonn lòt moun pa pale sou latè esepte imigran ayisyen), e sèlmananviwon 10% popilasyon an pale franse. Sa vle di, sou kesyon lang, Ayisyenizole lè nou konpare yo ak rès moun ki ap viv nan lemonn.)
Se papremye fwa nou tande “istwa” sa yo sou lang kreyòl ayisyen. Gen moun ki rive dike youn lan koz ki fè Ayiti pòv lan eta sa a se paske Ayisyen pale kreyòl. Siyo te pale angle osnon panyòl, yo pa ta pòv kon sa. Men veritab kesyon nou tadwe poze tèt nou se : Ki jan yon lang kapab apovri tout yon sosyete ?Eske genyen yon korelasyon ant povrete lan yon sosyete ak lang moun pale lansosyete sa a ? Eske yon pèp kapab izole akoz de lang li pale a, janpwofesè Jared Diamond di sa ?
Toudabò,ki sa sa vle di egzakteman lè yon pèp izole sou plan lengwistik ? Eske savle di lokitè ayisyen yo koupe de tout sa k ap pase nan lemonn, pa janm tandepale de gwo osnon ti evenman ki pase nan lemonn, ann Ewòp, ann Afrik, annAmerik… ?Li klè ke yon tèl opinyon pa vo anyen piske ann Ayiti toutinileng yo posede omwen yon pòs radyo ki mete yo okouran an kreyòl sou tout sak ap pase nan lemonn. Lan liv li ekri a ki rele Yon lekòl tèt anba nan yonpeyi tèt anba (Deschamps 2006), lengwis ayisyen Yves Déjean pale sou kesyonsa a epi raple ke prèske tout timoun ayisyen, kit yo konn li osnon yo pa konnli, konnen non tout jwè foutbòl brezilyen osnon ajanten avèk yon dividal detaysou foutbòl lan de (2) peyi sa yo.
Yonlòt fason nou kapab entèprete espresyon « izole sou plan lengwistik »parapò a lòt moun k ap viv sou latè kapab mache kon sa : se sèlman Ayisyenak emigre ayisyen ki pale kreyòl (se sa menm pwofesè Jared Diamond di lan livli a) alòske lan lòt peyi ki vwazen Ayiti, lokitè yo pale swa angle, swapanyòl. Donk, lè lokitè ayisyen an kite Ayiti, li gen tout kalite pwoblèm pouli kominike aloral osnon alekri. Li oblije rekòmanse a zewo paske lang kreyòlli a pa itil li pou l fè anyen.
Lè yonmoun di ke Ayisyen ki pale kreyòl izole parapò a vwazen li yo k ap viv lan zònKarayib la ki pale swa angle, swa panyòl, li bliye vit ke lè yon moun ap vivlan peyi li, premye lokitè ki kominike ak li se pwòp konpatriyòt li. Lan toutpeyi sou latè, majorite kominikasyon yo fèt lan lang natif natal lokitè yo.Lokitè franse k ap viv an Frans nòmalman sèvi ak lang franse pou kominike akkonpatriyòt yo. Yo pa sèvi ak lang chinwa osnon ak lang wolof . Se menm bagayla lokitè japonè, italyen osnon alman fè lè yo lan peyi yo. Metrize yon langetranje se pa premye priyorite yon sistèm edikasyon. Se vre ke aprantisaj yonlang etranjè osnon plis pase youn enpòtan anpil lan mond global n ap vivladan kounyè a. Se poutèt sa, yon gouvènman ann Ayiti ki responsab ta dwefasilite aprantisaj lang etranjè lan tout lekòl. Men, dapre rechèch soubilengwism ak akizisyon lang etranjè, aprann yon dezyèm lang ap mwen difisil lèelèv yo devlope yon baz solid lan lang natif natal yo. Se kon sa lè yon jennAyisyen byen metrize premye lang li (L1), sa vle di kreyòl, l ap kapab aprannrapidman non sèlman franse, angle, …men tou matyè eskolè tankou matematik,syans, biyoloji, istwa…, si pwofesè yo anseye matyè sa yo lan lang natif natalli.
Donk,nanpwen okenn fason pou kreyòl izole Ayiti. Li lè, li tan pou nou fini ak kozesan sans sa a. Men sa lengwis Yves Déjean (2006 : 121) di sou kesyonkreyòl k ap izole Ayiti : « …nou merite sonje yon seri kondisyonki ta fè Ayiti izole. Fòk gwo bato, kago, ta fè kèk ane san yo pa janm debakeyon sèl grenn moun, Ayisyen oubyen etranje, nan okenn pò Ayiti espesyalman niPòtoprens, ni Okap, ni Okay, ni Tigwav, ni Jeremi, ni Jakmèl, ni Gonayiv, niSenmak. »
Yonlang pa kapab izole yon pèp osnon fè li pòv. Pa egzanp, konbyen moun ki palelang japonè apa endividi japonè? Pa gen anpil ! Eske nou kapab di kepèp japonè a izole sou plan lengwistik ? Non ! Genyen anpil touris kivizite Japon apre yo aprann lang japonè a lan sant lengwistik peyi oksidantoyo. Genyen tou anpil etranje k ap viv e k ap travay lan peyi Japon. Petèt genmoun ki va di m ke Japon se youn lan pi gran peyi endistriyalize sou latèe nou pa kapab konpare li ak Ayiti. Men, sou plan sa a, pa genyen gwo diferansant Japon ak Ayiti. Donk, konsèp izòlman lengwistik la pa kenbe. Nou pa kapabkonsidere lang yon pèp pale lè n ap egzaminen faktè ki lakòz yon peyi pòv.Faktè sa yo kapab sòti lan istwa peyi a, lan politik peyi a, lan estriktiekonomik peyi a, lan fason yo jere peyi a, men sa pa gen anyen pou wè avèk langlokitè yo pale lan peyi sa a.
Lan kaAyiti, se avèk lang kreyòl Ayisyen sèvi pou yo kominike youn ak lòt lan toutkalite aktivite k ap dewoule lan sosyete ayisyèn lan, menm jan sa fèt lan toutlòt peyi sou latè lè lokitè yo sèvi ak pwòp lang matènèl pa yo.
Donk,se pa vre ditou ke lang kreyòl izole lokitè ayisyen. Okontrè, lang kreyòlva ede Ayisyen akeri konesans. Youn lan gwo pwoblèm Ayiti lan 21è syèk sa a sekokennchenn reta majorite lokitè ayisyen akimile lan domèn ki pi elemantè paskeanpil pa te gen chans ale lekòl. Kreyòl se lang matènèl tout Ayisyen ki leve egrandi ann Ayiti, se donk premye lang tout lokitè ayisyen konnen vrèman. Lè yonmoun konnen yon lang, lan sans lengwis ameriken Noam Chomsky esplike sa, sa vledi moun sa a posede yon « konpetans gramatikal » lan lang sa a kipèmèt li konprann osnon enonse a nenpòt ki moman yon fraz nouvo lan lang sa a.Moun sa a konnen ki jan pou li fòme e entèprete mo, fraz, konstriksyon lan langli.
Ki saki pi nòmal pou sèvi ak lang yon lokitè konnen pi byen pou li aprann ? Sesa ki fèt lan tout peyi sou latè. Pou ki sa gen tèlman difikilte pou sareyalize ann Ayiti ?
Poukontak avèk peyi etranje, Ayisyen kapab itilize lòt lang ofisyèl Ayiti ki sefranse osnon lòt lang etranje tankou angle ou panyòl. Depi 1987, konstitisyonpeyi a rekonèt kreyòl ak franse kòm 2 lang ofisyèl nasyon an; gouvènman anoblije pran tout dispozisyon pou sa tounen yon reyalite lan lizajsosyolengwistik ayisyen.
A suiv
Referanssite :
Arendset alii (eds) 1994) Pidgins and Creoles: An Introduction. Amsterdam: Benjamins.
Bickerton,Derek (1981) Roots of Language. Ann Arbor: Karoma.
Chomsky,Noam (1957) Syntactic Structures. The Hague: Mouton& Co.
DeGraff,Michel (2007) Kreyòl Ayisyen, or Haitian Creole (‘Creole French’) In ComparativeCreole Syntax. Parallel Outlines of 18 Creole Grammars. Edited by John Holmand Peter L. Patrick . pp. 101-126. United Kingdom: Battlebridge Publications.
Déjean,Yves (2006) Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba. Port-au-Prince:Henri Deschamps.
Diamond,Jared (2011) Natural Experiments of History. Harvard University Press.
Fedexy,Jockey Berde (2015) Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an. Port-au-Prince:JEBCA Editions.
Finegan,Edward (2004) American English and its distinctiveness. In Language in theUSA. Themes for the Twenty-first Century. pp. 18-38. Cambridge: CambridgeUniversity Press.
Hudson,R.A. (1998) Sociolinguistics. Cambridge: Cambridge University Press.
Mufwene,Salikoko (2001) The Ecology of Language Evolution. Cambridge: CambridgeUniversity Press.
Trudgill,Peter (2003) A Glossary of Sociolinguistics. Edinburgh: Edinburgh UniversityPress.
VanHerk, Gerard (2012) What is Sociolinguistics? United Kingdom: BlackwellPublishing.