PLEDWAYEPOU YON ETIK AK YON KILTI KI TABLI
RESPÈ DWALENGWISTIK ANN AYITI
Robert BERROUËT-ORIOL
Montréal, 9 me 2014
Tradiksyon : Marie Rodny LAURENT ESTEUSEdikatris, tradiktris, pwofesè lang
Entwodiksyon
Kèkèdtan ak semèn apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la, nou te wè yon kokennchennoperasyon solidarite ki soti nan divès peyi nan kat kwen planèt la, pou vinpote èd materyèl bay peyi d Ayiti, ou pa ta di se yon seri fòs lame k ap goumenyoun ak lòt pou yo rive distribye yon gwo kantite èd ki lakòz lòd ak dezòdmelanje youn ak lòt. Nan anpil domèn, operasyon solidarite sa a vin ranfòsepouvwa ONG yo sou yon leta ki vle limenm tou sanble yon ONG, pi plis chak jou.Pou sektè edikasyon an ki te sakaje limenm tou nan tranblemanntè a, priyoriteki t ap klewonnnen sou tout podyòm nan epòk sa a, se te ‘‘refondasyon’’ sistèmnan, nan rekonstwi lokal ki kraze ak nan refòme pwogram fòmasyon yo. Avèk anpilenterè, nou ka remake jan kèk gwo direktè opinyon kore ‘‘refondasyon’’ an aktout fòs yo. Konsa, Michaelle Jean, Anvwaye espeyal Nasyonzini pouedikasyon, lasyans ak lakilti (UNESCO) ann Ayiti, te defann ‘’refondasyon sistèm edikasyon ayisyen anfètefouni’’ devan defen Komisyon enterimè pou rekonstriksyon Ayiti a (CIRH,an franse), yon refondasyon li konsidere kòm yon ijans ki dwe parèt kòm premyepwen nan tèt lis priyorite yo [1]. Kidonk, gen yon jou ‘’J’’ ki pa tlwen rive, se jou pou te gen yon gwo kokennchenn mobilizasyon. Tout aktè yo tedeja byen ranje kò yo pou yo t al ede refonde sistèm edikasyon an, ki tankouyon vye kò delala, endispoze, ki nan koma, kote yo dekouvri anpil doulè soutout tras kouti ki fèt lanvè kou landwat nan operasyon depi plis pase karantlane, yon seri operasyon ki bay kè plen.
Nan lane2010 epi yon tan apre, nan mitan rechèch ki t ap fèt pou dekouvri divès kalitefeblès ki genyen, kèk pwofesè ak lengwis te sonnen klewon pou diatansyon ! Yo fè divès kalite entèvansyon sou divès kalite fòm tankou atiknan jounal ak liv yo prepare ann ijans pou klere je otorite yo sou machinedikasyon pase mòd la Ayiti t ap redemare a. Nou te pran pozisyon kont diskoupou chame moun nou abitye tande toulejou, diskou ki byen vlope ak bèl pawòl eki disparèt menm kote nou fin tande li a. Se vre, nou pa te anpil, men nousèten nou te rele fò pou nou di :
1) Se yon erè epi yon demach ki pa rantab lè yo kwè yoka rekonstwi, e menm refondesistèm edikasyon ayisyen an pandan y ap kontinye fè menm aktivite yo, se yonerè si yo kwè yo ka fè‘’joumou donnen kalbas’’. Alòske nou konnen byen pwòp, joumou pa janm donnenkalbas.
2) Poutèt nou wè sosyete nou an yon lòtjan, nou dwe pote kole ak sa k pi bon an an premye menm lè sa pidifisil : se refonde n dwe refonde tout zantray sistèm edikasyon an annAyiti depi nan pye jouk nan tèt. Refonde l pase pou nou tonbe nan refòme li yonlòt fwa ankò, pase pou nou ta rapyese li, fè ‘‘mizanivo’’, osnon pou nouswadizan di n ap ‘’modènize’’ li jan kominote entènasyonal k ap bay kòb yo toujouap mande pou sa fèt.
Sekonsa yon gwoup lengwis te pibliye yon tèks nan dat 24 me 2010 sou sit Alter Presse nan Pòtoprens. Tit li sete : « Ayiti apre tranblemanntè a : ‘’chemenkontre 2 lang marasa’’ kreyòl ak franse ann Ayiti ». (NDA : se sa yo rele« Francocréolophonie » an franse ; kreyòl la ka di : Frankokreyolofoni) [2]. San nou pa t nan voye wòch kache men, nou telonje dwèt sou defi lang yo ban nou lè nou di nou vle refonde lekòl ak inivèsitenan peyi a :
Anreyalite, ki enterè ki kache deyè yon chwa konsa ? Èske jis pou nourekonstwi sistèm lekòl ak inivèsite ayisyen an tou cho tou bouke, nou ta dwerepwodui yon lekòl ki chita sou diskriminasyon ak eksklizyon nan kesyonlang ? Èske nou ka repwodui yon inivèsite ayisyen ki chaje gras, ki pasemòd, k ap prepare sèlman yon ti lelit, k ap fòme moun ki sou wout pou y al vivann Amerik di Nò oswa moun k ap chache tout mwayen pou y al viv ann Amerik diNò ?
Nanreflechi sou modèl inivèsite, sou chwa matyè ki dwe anseye yo, sou tout yonseri eleman ki pou anndan kou yo ak liv ansèyman nan lekòl tankou naninivèsite, sou modèl ansèyman, konesans ak konpetans ki merite transmèt yo, livin pi enpòtan toujou pou nou poze pwoblèm lang lan (oswa lang yo) nan gayekonesans nan espas lekòl yo ak inivèsite yo. E se yon pwoblèm ki dwe prezandepi nan kòmansman demach rekonstriksyon oswa refondasyon sistèm edikasyonayisyen an.
Katran apre, ki sa ki rive rekonstwi toutbon vre ?Sistèm nan ? Kèk lokal ? Kèk pwogram pou lekòl ak inivèsite ? Jounenjodi a, ki jan, ki mannyè pou tout sistèm edikatif ayisyen an rive kanpe sou depye li ?Epi sa n kadi sou konpetans pwofesè yo menm ? Akote diskou pwopagann oswa diskou kifèt nan kèk okazyon byen detèmine, ki sa pwofesè ayisyen yo panse ? Koumanyo analize reyalite sistèm edikasyon an ?
Depianvan katastwòf 12 janvye 2010 la te frape peyi d Ayiti, gwoup travay ki releGTEF [3] la te fè yon travay estwòdinè soti 2008 rive 2010 poutèt lisèvi ak yon demach kote li te mache ranmase lide anpil moun anndan peyi atankou aletranje. Anpil pwofesè, analis ak jesyonè nan domèn edikasyon fè gwoupsa a konpliman pou dyagnostik ak rekòmandasyon li fè yo. Men, pandan GTEF larive touche tout domèn nan sistèm edikasyon an, li eskize pwoblèm lang lanmalman. Se vre depi nan kòmansman, nou rekonèt piblikman GTEF la fè yon travayserye, men tou, nou te fè moun remake jan li pa t sifi, jan li manke kran paskeli pa rive pwopoze yon pwojè ki prezante yon vrè revolisyon anndan sistèmedikasyon an ann Ayiti nan zafè lang. N ap fè sonje : nan 33 rekòmandasyonGTEF la fè nan konklizyon li yo[4], se sèl senkyèm nan ki pran chansfè yon pwomès, yon senp pwomès pou sa ki konsène kreyòl la : « Bay lang kreyòl la priyorite nan sèvi avè lkòm lang pou fè lekòl pou timoun yo nan de premye nivo lekòl fondamantal la epi fè elèv la rive fonksyone nan delang ofisyèl peyi a nan finisman dezyèm nivolekòl fondamantal la.»
Mwenkwè gen kèk rapèl ki merite fèt pou n byen kadre kesyon lang lan anndanrefondasyon sistèm edikasyon an epi pou n pwopoze kèk objektif ki mete tout moun dakò. Mwen diyon « Pledwaye pou yon etik ak yon kilti ki tabli respè dwa lengwistik annAyiti » dwe chache konnen alapapòt kouman 2 lang ofisyèl nou yo ap evolyeanndan sistèm edikasyon nasyonal la; se yon gwo domèn entèvansyon, se yonpriyorite pou peyi a.
Premyerapèl
Poukòmanse, yon kesyon enpòtan ki dwe poze : konbyen lajan leta envesti nanEdikasyon peyi a ? Tablo kipi ba a montre klè leta pa envesti anpil nan domèn edikasyon.
Tablo 1- FinansmanLeta nan edikasyon
Kantite lajan Leta bay Ministè EdikasyonNasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP)
Bidjè total peyi a
an goud
Bidjè MENFP
an goud
% anndan bidjè total la
Bidjè MENFP
an $ dola US**
2006-2007
28 602 530 600
4 002 277 410
13,99 %
100 056 935,00 $
2007-2008
79 193 917 545
6 485 744 508
8,19 %
162 143 613,00 $
2008-2009
36 225 144 100
5 142 610 000
14,2 %
128 565 250,00 $
2009-2010
88 247 155 852
7 391 837 285
8,38 %
184 795 932,00 $
2010-2011
106 284 926 099
11 167 944 797
10,51 %
279 198 620,00 $
2011-2012
121 000 978 210
19 380 722 133
16,02 %
440 470 958,00 $
2012-2013
131 543 490 805
19 334 114 238
14,70 %
439 411 687,00 $
2013-2014
118 680 548 947
16 244 472 583
13,69 %
360 988 280,00 $
Bidjè 2013-2014 la te depoze nan palman ayisyen an 22 avril 2014. Nan datpiblikasyon pledwaye sa a, bidjè a sa pa t ko vote. *Kalkil yo fèt apati tablosou « Degre avansman depans ki fèt nan bidjè » pou de (2) dènye anesa yo. **An mwayèn, yon dola US vo ant 40 ak 44 goud, soti 2011 rive 2013-epi 45 goud pou 2013-2014. Sous enfòmasyon an : MinistèEkonomi ak Finans peyi d Ayiti
Genyon premye konsta ki fèt lè n byen analize tablo a : efò Leta fè pou lenvesti nan edikasyon, se yon bagay ki varye anpil, epi an gwo, kantite lajan Leta mete adispozisyon sektè edikasyon an vreman twò piti. Gen yon dezyèm konsta tablo apèmèt nou fè tou : pwovizyon pou sektè edikasyon an bese nan de dènye lanefiskal yo pandan y ap mache di edikasyon se « pi gwo priyorite » a. Antouka,nan fason ak nan degre Leta ap finanse edikasyon an, sa p ap janm kapab pèmètli poze bonjan aksyon sou sistèm edikasyon an. Mete sou sa, plis pase mwatyenan bidjè sektè edikasyon an se depans pou fonksyònman ministè Edikasyonnasyonal li kouvri.
Nan menmelan 12 janvye 2010 la, pou rive mete divès lide nanzafè chanjman sistèm edikasyon an ann aksyon, yo prepare yon nouvo« Plan operasyonèl 2010-2015 ».Nouvo plan sa a bezwen 4,3 milya dola ameriken pou l egzekite. Leta ayisyen tadwe finanse 49% nan lajan sa a epi rès 51% an se bayè entènasyonal yo ak ONG kita dwe finanse l. Nan « Debanasyonal sou kalite edikasyon an ann Ayiti » ki te fèt nan mwa avril2014 la, yo prezante yon premye pati bilan« Plan » an epitou yo moutre aklè yo jwenn plizyè « flop [5]; direktèplanifikasyon ak kòdinasyon pwojè nan Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèlla fè moun konnen se lajan ki te prevwa a ki pa t disponib ki lakòz echèk sa a.Men se yon « flop » ki manje654 000 000 milyon dola ameriken, e se kantite lajan ki deja dekesepou te mete « Plan » an ann egzekisyon.
San okennjennman, fòk gen moun ki pou mande desidè ak tout aktè k ap gouvènen sistèmedikasyon an pou ki sa y ap fè tèt di nan kontinye aplike yon ansyen fòmil kipa bay rezilta. An reyalite, depi plizyè dizèn lane y ap gaspiye anpil lajannan eseye mete « plan » ak « refòm » an mach, alòske yo konnendavans yo p ap pote bon rezilta, men, sa bay enpresyon y ap« bouje », y ap « vanse », y ap « refòme » oswa« modènize » sistèm nan. Estrateji espesyalis tout plim, tout plimay yo tabli, sebati yon seri gwo plan tankou titanik pou kominote entènasyonal finanse e kipote premye pri nan tann pwomès lajan yo fè Ayiti e ki tounen pwa tann.Estrateji sa a pa fè lòt bagay pase « bati plan » pou « batiplan » e se yon demach ki fini, ki echwe pandan li lakòz yon bann enèji akresous gaspiye e anplis li lakòz sistèm nan an depèdisyon. Jodi a, fòk nou eseye gen kran pou ntire tout leson nou dwe pran yo. Èske se pa moman pou Letaayisyen sispann gaspiye resous peyi a ki deja pa menm ase ? Èske se pamoman pou li pran refondasyon sistèm edikasyon an an men pou toutbon, sanplezantri, avèk entèlijans ak konpetans, epi menm kote a pou li rezoud« pwoblèm lang ann Ayiti » avèk tout fèmte sa mande ?
Dezyèm rapèl
enfòmasyon nou ka fè anpil konfyans fè n konnen sistèm edikasyon an se yonsistèm sektè prive lokal la ansanm ak entènasyonal la kontwole jouk rive nan 80%,sa vle di Leta ayisyen pa ladan l. Kifè, fòk nou byen konprann nou pa gen yon SISTÈMEDIKASYON nasyonal : konsa Ayiti genyen PLIZYÈ SISTÈM EDIKATIF alantou lie Leta pa genyen okenn kontwòl sou yo, li pa gen ni nivo administratif akfinansye, ni mwayen pwofesyonèl ak teknik pou l evalye kalite yo, espesyalmannan nivo inivèsite a. Nan yon sitiyasyon konsa –sitiyasyon kote leta genyen yongwo feblès pou l gouvènen–, ki mwayen Leta ap mete an plas pou l reprankontwòl sistèm edikasyon an piti piti ?
Twazyèm rapèl
Reyalite a aprann nou kouman pwoblèm ‘‘depèdisyon’’an (elèv k ap kite lekòl) se yon pwoblèm ki marye ak pwoblèm lang. Malgrerefòm Bernard nan lane 1979 la te fè kreyòl rantre nan sistèm edikasyon an kòmlang pou fè ansèyman ak lang pou yo anseye, –yon refòm ki te manke mounkonpetan ak zouti didaktik ki prepare davans pou sa–, lekòl ann Ayiti kontinye ap transmèt epirepwodui konesans nan lang franse kòm dezyèm lang jouk jounen jodi. Se anndankad sa a nou jwenn premye rezon ak plizyè lòt ki makonen ak li ki lakòzedikasyon ann Ayiti nwaye. Èske nou pa ta dwe remake gen twa refòm k ap layitean menm tan ? Nou vle pale de refòm Bernard an 1979; PNEF (PlanNasyonal Edikasyon ak Fòmasyon) 1997-1998; Estrateji nasyonal aksyon pou edikasyonpou tout moun nan lane 2007, e ladan yo, nou dwe ajoute Plan operasyonèl2010-2015 la. Malgre tou sa, anseye kreyòlan kreyòl se yon bagay ki chaje limit e k ap fèt nan kole pyese plizyè metòd.Materyèl didaktik pou anseye kreyòl an kreyòl e ki gen kalite, se bagay moun pajwenn fasil epi nan nivo nasyonal menm, sa pi grav toujou. E ansèyman fransekòm dezyèm lang kontinye ap fèt nan menm tradisyon an, li chaje mank, li paadapte, li pa gen okenn rapò ni ak kilti ni ak reyalite peyi a. Pifò analis diyon bon kantite elèv ki rive fini etid segondè yo pa metrize ni kreyòl nifranse alekri tankou aloral. E alafen, ansèyman sa a rive repwodui yon mankkonpetans lengwistik lakay elèv, etidyan ak pwochen pwofesè yo tou si nkonsidere dènye pwent nan chenn fòmasyonn an.
Katriyèm rapèl
Kalite edikasyon an depann anpil de kalite fòmasyonpwofesè lekòl ak pwofesè inivèsite yo, menmsi se pa sa sèlman ki konte. Sèlman,pwofesè lekòl ak pwofesè inivèsite ki manke kalifye rete yon gwo baryè devantout pwojè pou amelyore kalite edikasyon an ann Ayiti jodi a an 2014. Mank kalifikasyonsa a ki pa sispann grandi, se pa rezilta ki soti nan syèl tonbe atè. Kidonk,gen anpil moun ki temwaye sou jan diktati Duvalier yo (papa ak pitit) te koupetèt pèsonèl anseyan ayisyen an ki te blije sove kite peyi a pa pakèt, diktati ate kouri dèyè plizyè pwofesè lekòl ak inivèsite epi asasine plizyè nan yo soupretèks yo te « kominis ». Sa vin lakòz yon kokennchenn bak nankapasite pou peyi a repwodui ansanm resous moun nan domèn edikasyon an. Kantitesèvo ki pa janm sispann kite peyi a depi senkant lane, se yon fenomèn kiogmante degradasyon kalite edikasyon an nan peyi a. Jounen jodi, li bon pou ntire tout kalite leson konsekan nan lide pou refonde Edikasyon peyi a apatiamenajman 2 lang ofisyèl nou yo nan tout nivo ansèyman ann Ayiti.
Metesou sa, karant dènye lane yo, pa gen okenn dokiman referans ki disponib e kibay ransèyman moun ka verifye sou lang pwofesè nan lekòl prive tankou nan lekòlpiblik plis itilize nan klas yo. Li difisil tou pou nou rive klase pèsonèlanseyan an nan inivèsite yo, kit nan prive, kit nan piblik. Èske pwofesè nou yose : jewofizisyen, ibanis, anviwònmantalis, sismològ, jenetisyen, didaktisyen,espesyalis edikasyon, mason, chapantye ak elektrisyen ki kalifye ? Èskenivo yo se nivo Capes (an franse), metriz, doktora, pòs-doktora ? Menmministè Edikasyon sa a ki pa menm ap jere 20% nan lekòl ki nan repiblik la, eki petèt kontwole yon ti pousantaj enstitisyon ki se jis yon ti minorite« inivèsite » prive, èske li vle bay tèt li mwayen entelektyèl,pwofesyonèl ak lajan ki ta ka pèmèt li kontwole oswa garanti kalite ansèyman kap fèt la ?
Pou fini, èske ministè Edikasyon nasyonal la mete yon seri mezi pouankouraje/oblije tout pwofesè nan sektè edikasyon an chache kalifikasyon, meteyo a nivo epi amelyore tèt yo : kit nan kesyon pedagoji, kit nan kesyonkonpetans yo dwe genyen pou yo anseye tout matyè yo nan 2 lang ofisyèl peyia ?
Senkyèm rapèl
Pa gen lontan sa, franse se lang ki te pi plis sèvianndan sistèm edikasyon Ayiti a, akòz yon demach pou te kore ranfòsman ansyen politik frankofoni an annAyiti kont lang kreyòl la. Apa refòm Bernard la, Leta ayisyen pa janm vledivòse ak dominasyon lang franse a, kit nan domèn ansèyman, kit nan rapò k apdevlope ant Leta ak sitwayen yo anndan espas piblik la.
An jeneral, genyen 2 kategori kouran lide k appwopaje sou lang kreyòl kòm lang pou fè ansèyman epi kòm lang pou yo anseye.Premyeman, genyen yon kouran lide ki makònen ak sosyoloji epi ak ideyoloji nanmitan sosyete pòs-kolonyal yo ki kontinye sèvi ak lang ansyen mèt yo. Yonmannyè jeneral oubyen nan anpil ka, nan peryòd apre kolonizasyon, moun ki genpouvwa sou ekonomi, administrasyon, enstitisyon ak senbòl yo, yo repwodui valè epi yo bati enstitisyonyo dapre menm modèl yo jwenn nan sistèm kolonyal la. Divès rapò moun devlope aklang, yo suiv menm chema sa a paske se yon ansanm rapò sosyal k ap ogmantesenbòl lakay moun k ap pale lang lan. Nan sosyete pòs-kolonyal yo, lang ak valèki idantifye moun ki te domine yo (anndan ansyen sistèm esklavaj kolonyal la)toujou rete devalorize, e yo kontinye mete yo sou kote. Pou sa ki gen ak Ayiti,devalorizasyon ak esklizyon an deja tèlman byen anrasinen nan lespri kreyolofònyo, se yomenm ki pa dakò pou kreyòl sèvi nan ansèyman pitit yo. Menm jodi atoujou, moun ap tande oswa li yon seri pawòl nan fowòm tankou nan jounal :« kreyòl pa lang », « ansèyman kreyòl ap izole Ayisyen »,« kreyòl pa kapab transmèt konesans syantifik ak teknolojik»,« pwomosyon lang kreyòl la ap fèmen pòt pou tout kalite lide ak toutpwodiksyon syantifik alekri», « se kreyòl nan lekòl ki lakòzedikasyon an bese ann Ayiti », eksetera.
Yon lòt bò, genyen yon kouran lideki marye ak syans langaj e k ap fè pwomosyon pou yon kalite konsepsyon akadaptasyon ki pa chita sou prejije pa rapò ak lang, ki pa ni sou manti, ni soubaryè diskriminasyon. Kidonk, pi bon zouti ki dwe sèvi pou anseye yon timoun selang matènèl li, jan UNESCO pa janm sispann raple sa depi ane 1950 yo. E nan mitan pwodiksyon syantifik ki egziste,genyen anpil etid ki pwouve verite sa a. Ansanm lide ki marande ak syans langajla montre tou kouman timoun ki konstwi pwòp idantite lengwistik ak kiltirèl lipandan y ap anseye l lang manman l ak pandan y ap anseye l nan lang manman l,se timoun ki chaje zouti pou li tanmen aprantisaj yon dezyèm lang oubyen yonlang etranje depi nan lekòl primè. Menmkouran lide sa a fè n konnen pa gen okenn lang ki soufri yon« malfòmasyon » ki pou ta anpeche li transmèt konesans lasyans.Konsa, nou konprann fòk nou kreye yon ansanm zouti didaktik nan tout domèn konesans e sa dwe fèt nanobjektif pou vin genyen yon edikasyon ki gen bon kalite an kreyòl. Se nan sans sa a, li vreman enpòtan pou noupote anpil atansyon sou yon pwojè kitabli sou ansèyman syans ak teknoloji nan lang kreyòl Michel Degraff, lengwis MIT, a ap dirije e k apegzekite ann Ayiti jounen jodi a. Li ta bon pou gen yon bilan ki fèt sou pwojèsa a dekwa pou nou wè si li ta ka sèvi kòm modèl nan tout peyi a.
Kidonk, ki pozisyon Leta ayisyen jounen jodi a sou lang kreyòl la ?Ki vizyon Leta ayisyen kapab soutni piblikman sou kesyon lang pou ansèyman nanlekòl ak nan inivèsite e ki kadre ak atik 5 konstitisyon 1987 la ? Èske Leta ayisyen gen entansyon prezante yonpwojè lwa sou yon politik lang djanm/fèm pou ta garanti egalite nan mitan 2 langofisyèl yo nan tout aktivite nan lavi peyi d Ayiti ? Si li pa posib pou Leta pran yon angajmanfèm, global nan wo nivo,èske Edikasyon nasyonal kapab prepare yon pwojè lwa amenajman lengwistik pousektè edikasyon an pou pouvwa egzekitif la ta prezante bay palman an nan ane2014 la ?
Fini ak kolepyese san gade dèyè k apfèt nan ansèyman ann Ayiti
Nan domèn edikasyon, pandan karantdènye ane sa yo, nan chache « sèvi akvye moso twal pou koud yon rad tou nèf », Leta ayisyen gaspiye tout avantaj ak lajan li genyen. Li eseye divès« apwòch » e li danse dans lan sou yon sèl pye sou divès podyòmnasyonal ak entènasyonal, jouk li gen vètij. Nan kòmansman mwa avril 2014 la,yon lòt fwa ankò, li eseye bay demonstrasyon pou l montre li kapab konstwitwazyèm etaj nan bilding lekòl ak inivèsite peyi a san li pa bati fondasyon yo,san li pa pran tan pou li chwazi refè fondasyon gwosè bilding sa a nan fè yonamenajman serye nan de 2 lang ofisyèl yo, dekwa pou l transmèt konesans nan 2lang sa yo epi pou li mezire kalite pedagoji ak kalite lang k ap sèvi nantransmèt konesans. Pa egzanp : nan pwogram « Deba nasyonal sou kalite edikasyon an annAyiti » ki fèt Pòtoprens ann avril 2014 la, pwoblematik lang lan pa parètokenn kote. Nan pwogran ofisyèl « deba » sa yo kidisponib sou Entènèt, pa gen okenn atelye ki te gen pou brase lide sou pwoblematiklang pou fè ansèyman epi pou pwopoze rekòmandasyon ki ta pou sèvi pou prepare « gidentèvansyon » nan domèn nan. Fòk nou ditou, ni sijè, ni objektik deba yo pa t depaman ak ansyen konsepsyon lelit kianfavè lang franse nan koze edikasyon, yon konsepsyon ki fikse byen djanmanndan sosyete ayisyen an. Kifè, pandan deba sa yo te sanble yo vle vize kaliteedikasyon an ann Ayiti, yo annik vire do bay vizyon ki mande pou yo maryekalite ak ekite/jistis pa rapò ak dwa lengwistik nan espas edikasyon an annAyiti. An piblik, deba yo pa konsidere pwoblematik lang lan, yo vire do bayijans ak bezwen ki genyen pou amenaje lang kreyòl la nan tout nivo anndanansèyman piblik ak prive ann Ayiti. Nan Pòtoprens, radyo Métropole [9] te tonberepete ansanm kesyònman kèk obsèvatè fè tankou : « Refòm sou refòm,akò sou akò, deba sou deba, amelyore kalite edikasyon an rete yon senprèv. Adopte yon senp « gid entèvansyon » pou amelyore ansèymansiperyè a, èske sa ap rive chanje yon bagay vre ? »
M ap repetesa byen fò e ak tout fòs mwen : toutotan Leta ayisyen (san n pa bliyepalman an) pa ranmase vizyon obligatwa ki mande pou li amenaje de 2 lang yo kise patrimwàn lengwistik peyi a; toutotan li pa konprann obligasyon li genyenpou li rekontwi lekòl ann Ayiti nan tabli ekite nan dwa lengwistik, li kondanepou li kontinye rapyese sistèm edikasyon an san rete, menm jan li toujou fè sa,nan eseye pwogram kosmetik pou fè wè tankou PSUGO [10], nankontinye repete menm leson katechis pase mòd la nan kòlòk ak lòt pelerinaj ki pap pote okenn rezilta moun ka mezire apati rannman ak chans yo genyen poumiltipliye yo anndan lekòl ak inivèsite bon kalite Ayiti bezwen an.
Divòseak kole pyese ansèyman ann Ayiti, jounen jodi a, se pote limyè anplis pouesplike ki vizyon refondasyon tout nivo edikasyon nan peyi a dwe genyen nanzafè lang. Konsa, nou vle :
1) pwopoze tout branch nan sosyetesivil ayisyen an, pou depi kounye a, yo koumanse pale sou kesyon etik ak kilti pou respè dwa lengwistikla [11] ann Ayiti ;
2) pwopoze ministè Edikasyonnasyonal piblikman pou li chache jwenn yon akò nasyonal pou pran yon kanpo depikounye a, pou li sispann mete tout nouvo refòm an branl nan sistèm edikasyonan, sispann tout nouvo « Gid entèvansyon », tout nouvo« obsèvatwa » e nan yon delè 1 an pou li relanse Komisyon yo releGTEF la ak patisipasyon lengwis ak didaktisyen. Komisyon sa a (GTEF agrandia) va genyen yon manda espesyal pou li pwopoze sosyete a ak palman ayisyenan yon avan-pwojè lwa ak kèk mezi obligatwa pou amenajman lang kreyòl la, sotiklas matènèl rive jouk nan ansèyman siperyè ak teknik, –nan egalite ak langfranse a e nan menm avan-pwojè lwa sa a, reyamenajman franse a t ap tou parèt.
Mwendi li klè : anfas estrateji kase koub ak mètdam Leta ayisyen toujou aplikedevan pwoblèm lang la an jeneral epi parapò ak difikilte ki egziste nan kesyonlang pou fè ansèyman nan peyi a, ministè Edikasyon nasyonal lib jodi a pou lifè yon chwa istorik k ap pote rezilta e ki vle di li gen kapasite pou li potevizyon ak desizyon ki mache ak chwa refondasyon lengwistik nan sektè edikasyonan ann Ayiti, –e chwa sa a, se chwa pou fè yon kanpo epi remobilize GTEF laepi ranfòse l dapre yon manda ki byen defini. Yon refondasyon konsa rantre toudwat nan « Pledwaye pou yon etik ak yonkilti ki tabli respè dwa lengwistik nan peyi a. »
Pou ki sa noudwe fè yon pledwaye jodi a ann Ayiti pou yon etik ak yon kilti ki tabli respèdwa lengwistik ?
Ki sa ekspresyon « dwa lengwitik [12]» la vledi ? Èske dwa lengwistik byen tache anndan tout gwo dwa fondamantal moungenyen ? Èske dwa sa yo pa pou Ayisyen tou ? Si repons lan se :wi, èske nou pa dwe fè yo respekte yo oswa kouman pou nou fè yo respekteyo? Nan kokenn sektè edikasyon an, èske li posib pou tabli yon lwa sevè pougaranti respè « dwa pou sèvi ak yonlang [13]» toutbon ?
Ann gade kesyon dwalengwistik la anvan
Jouk jounen jodi a, apa kèk moun kietidye lang, anpil moun pa konnen si gen yon « Deklarasyon inivèsèl dwa lengwistik [14]». Deklarasyon sa a te fèt nan vil Baselòn ant 6ak 8 jen 1996, pandan Konferans mondyal sou dwa lengwistik. AlapapòtDeklarasyon sa a di : « Tout pèp gen dwa pou yo eksprimekilti yo epi devlope kilti yo, lang yo ansanm ak pwòp prensip pa yo sou jan yovle òganize yo, pandan yo mete pwòp chapant politik pa yo an plas, mòdedikasyon pa yo, pwòp mòd kominikasyon ak adminitrasyon piblik pa yo anplas.»
Li enpòtan pou nou remake Deklarasyoninivèsèl dwa lengwistik la tabli 2 domèn konpetans [15], lè li pale de dwa lengwistik :
Yonnnan kontribisyon ki pi enpòtan li pote pou kesyon Dwa lengwistik la, se poutètli alafwa touche ni grenn moun, ni kolektivite a lè li pale de dwa lengwistik,e li konsidere 2 dimansyon sa yo depann youn de lòt e yo pa ka separe yo paskeyon lang, se anndan yon kominote li fòme e se anndan menm kominote sa a chakgrenn moun sèvi ak lang lan pèsonèlman. Se nan sans sa a, si yo respekte dwatout kominote ak gwoup lengwistik, se sèl fason chak grenn moun ap kapab riveegzèse dwa lengwistik li toutbon vre.
Pou 2 domèn konpetans sa yo,Francisco Gomes de Matos [16], ki se yon jirilengwis, bay kèk egzanp klè pou li pale de dwalengwistik. Li jis chita sou prensip ki di dwa lengwistik yo alafwa pèsonèl epikolektif. Egzanp dwa kolektif li di ki ka aplike pou gwoup lengwistik yose :
· dwachak gwoup genyen pou yo anseye li nan lang li ak kilti li ;
· dwachak gwoup genyen pou lang li ak kilti li jwenn plas li nan medya yo korèktemanyon fason ekitab ;
· dwapou chak manm yon seri gwoup byen detèmine pou yo sèvi ak pwòp lang yo nanrelasyon y ap devlope ak moun ki anndan pouvwa piblik yo ak nan relasyon sosyalak ekonomik yo.
Nan menm lide sa a toujouak lè nou konsidere dwa lengwistik moun genyen, nou vle tout moun byenkonprann, « Lè yo pale de dwalengwistik sitwayen yo, sa vle di dwa tout moun genyen pou li sèvi ak lang li ean menm tan tou dwa tout lang genyen pou yo pwoteje li [17]». Nan‘’Chat’’ inivèsèl sou dwa fondamantal nankoze lang, yon ‘’Chat’’ Federasyon entènasyonal pwofesè lang vivan yo teekri pou UNESCO nan lane 1993, yo byen esplike dwa lengwistik moun genyen [18]. Men sa yon pati ladan l di :
· toutmoun gen dwa pou li metrize lang matènèl li ;
· toutmoun gen dwa pou li metrize lang ofisyèl peyi li oswa youn nan lang ofisyèlpeyi ki responsab ansèyman l ap resevwa a ;
· toutjèn moun gen dwa pou yo anseye li lang ki plis idantifye l oswa ki plisidantifye fanmi li;
· yopa kapab pèsekite yon moun ni aboli dwa li genyen pou li sèvi ak yon lang, pouli pale l, pou l li l oubyen ekri l, pou li aprann li, pou li anseye l oubyenpou li gen aksè pou jwenn li.
Nan menm sans ak Deklarasyon inivèsèldwa lengwistik la, nan « Politiqueslinguistiques et droit linguistique [19]», lengwis Christiane Loubier poteyon bonjan limyè pou nou sou kesyon dwa lengwistik yo nan rapò yo ak politikpou amenajman lengwistik :
Depiyo sipoze gen kèk sitiyasyon oswa konpòtman lengwistik lalwa kapab oryante, liposib pou yo pale de (yon) dwa lengwistik (o sengilye). Se selon espas politikla, li posib pou yo pale de dwa lengwistik entènasyonal (egz : tout dwalengwistik atik 27 Pak Entènasyonal sou dwa sivil ak politik yo garanti) oubyentou dwa lengwistik entèn/yon peyi (dwa konstitisyon, lwa lengwistik, dekrè,regleman administratif yo garanti, eks).
Ti koutje sa a pote ase limyè pou nou sou kesyon dwa lengwistik ansanm akkontèks jirilingwistik ki viwonnen li. Li pèmèt nou pwouve pèp ayisyen antankou tout lòt pèp genyen dwa lengwistik epi dwa sa yo fè pati dwa fondamantalmoun genyen ; dwa sa yo enpòtan menm jan ak dwa pou moun jwenn sante,edikasyon, libète pou pale ak pou kreye asosyasyon.
Ekite ak jistisnan zafè dwa lengwistik
Nou dwe konprann « Ekite nan kesyondwa lengwistik » la nan sans kote nou wè tout Ayisyen egalego devan lalwa, yogenyen menm dwa lengwistik jan sa defini byen klè pi wo a. Moun ki kreyolofòn(ki pale kreyòl sèlman) tankou moun ki bileng (ki pale 2 lang) gen menm dwa eyo dwe kapab reklame dwa sa yo devan yon tribinal, nan yon antrepriz privetankou nan Administrasyon piblik la. Ekite sa a ap pwouve yo rekonèt dwa pou yon moun sèvi san okenn anpechman ak langmanman li, kreyòl la, konstitisyon an rekonèt epi li deklare ki gen menmpozisyon/estati ak franse. Ekite nan kesyon dwa lengwistik vle di tou toutAyisyen gen dwa pou lekòl anseye li epi fè edikasyon li nan 2 lang yo :kreyòl ak franse ki se patrimwàn lang peyi a.
Nou dwe rann nou kont dwa lengwistiksa yo, ki marye ak jirispridans nan nivo entènasyonal, yo soti nan dwakonstitisyonèl ayisyen an (atik 5 Konstitisyon 1987 la) : kifè, kòm dwa sayo pa depaman ak Konstitisyon an, se yon obligasyon pou Leta bay garanti dwa sayo respekte epi moun rive jwi yo toutbon. Pou n pi klè, se Leta ayisyen ki pouprepare yon lwa espesyal sou itilizasyon lang ki ranmase tout dwa ak obligasyon nan kesyon lang. Nan chapit VII liv kirele : « L’aménagement linguistiqueen Haïti : enjeux, défis et propositions » – (al gade nòt no# 11 la), nou teprezante « Pwopozisyon poupreparasyon premye lwa sou amenajman lengwistik ann Ayiti », se yonmodèl ki ka sèvi kòm fòm lwa sa a ta ka pran.
Pledwaye ak ekite, se menm lit la
Pouki sa nou blije fè yon pledwaye pou fè rekonèt dwa lengwistik ann Ayiti ?Nan yon peyi kote pifò moun se kreyòl sèlman yo pale, pou ki sa gen anpilpwoblèm pou fè moun aksepte egalite ant 2 lang ofisyèl yo ? Kouman pou nrive fè mantalite moun yo evolye, mantalite moun ki kwè kreyòl se yon baryè poudevlopman peyi a olye pou yo rekonèt lang kreyòl la kòm yon gwo alye estratejiknan devlopman e premyeman kòm yon dwa : ki se dwa pou moun sèvi ak langmanman l ? Kouman pou n depase tout prejije kont lang kreyòl la, ki selang ki simante idantite ayisyen an, jan manman lwa peyi a di l la « Lang ki simante tout Ayisyen ansanm sekreyòl » (atik 5 Konstitisyon 1987 la) ?
Sou plan sosyoloji, li bon poukonprann jan lekòl gaspiyè ki sèvi ak franse sèlman an e ki chita soudiskriminasyon, se yon sistèm ki fòme yon seri moun k ap repwodui menm imaj,menm lide, menm prejije ak konpòtman diskriminasyon kont lang kreyòl la, paskebyen bonè, yo te aprann yo rejte lang kreyòl la, poutan menm moun sa yo ap palekreyòl chak jou. Pou tout moun sa yo ki se kreyolofòn depi yo fèt, elèv aketidyan ki ‘’kreyolize’’ (k ap pale kreyòl), se sa ki vle di sistèm edikasyonayisyen an echwe. (Fòk nou di tou, mo « kreyolize» a, yo sèvi ak linan kèk fowòm diskisyon ayisyen nan yon sans egzajere, san okenn referanssyantifik ki gen rapò ak sans konsèp sa a genyen nan domèn lengwistik). Lienpòtan pou nou presize, nan tout kòz degradasyon edikasyon an ann Ayiti, pa gen okenn ka kote lang kreyòl taresponsab. Kèk obsèvatè di anpilelèv ki pase nan sistèm edikasyon an gen anpil pwoblèm pou yo pale franse, fèdisètasyon, rezoud pwoblèm matematik, fizik, chimi, eks. Premye responsab la sepa lang lan men se pito sistèm yo ki pa adapte pou transmèt konesans, ki mankebay koze konpetans lengwistik la valè ni an kreyòl, ni an franse. An gwo, sesistèm lekòl la ki pa kapab bay demann popilasyon an yon repons efikas pa rapò akkesyon bon kalite edikasyon an ; li nan enkapasite tou pou li pote yonrepons pou demann gwo mas elèv ki genyen kreyòl kòm lang matènèl yo paskediferans sosyal nan mitan yo gran anpil.
Yon lòt fwa ankò jounen jodi a, genmoun ki pran ansyen sistèm nan kòm referans, yo bliye si ansyen sistèm sa a seyon sistèm kote se te sèlman ant 10 ak 15% nan popilasyon an ki te gen chans jwennedikasyon, e se te jouk rive nan mitan ane 1970 yo. Se te yon sistèm pou yon ti ponyen moun(lelit) ki te genyen peyi etranje pou modèl e sistèm sa a pa t konn konsiderebezwen popilasyon an. Sistèm sa a te mete pifò popilasyon an sou kote, jan yongran lengwis ki rele Domonique Fattier esplike sa « (…) Kreyolofòn ki pale kreyòl sèlman yo, ki sepifò Ayisyen, yo jis mete yo sou kote paske yo retire tout dwa yo pou yo sèviak lang Leta a, konsa yo retire yo nan zafè konesans, ni nan pouvwa, ni nankonesans nan liv, paske tout sa, se domèn ki rezève pou lang franse.[20] »Kòm konsekans, nou wè sistèm nan pa t prepare ase pwofesè pou gwosè demannedikasyon sa a. E anplis, kantite mounfòme ki kite peyi a vin redui rezèv fòmatè ki byen fòme yo. Pou te satisfèkantite demann ki te genyen nan kesyon edikasyon, depi nan mitan ane 1970 yo,lekòl ki gen de pwa, de mezi a pran nesans ann Ayiti akòz lekòl« bòlèt » yo vin peple, e nan sitiyasyon sa a afè kalite a pa t ladanl ditou. Sa nou obsève jounen jodi a se senpman dekonpozisyon sistèm edikasyon2 tèt la nan karant dènye ane yo. Jodi a ann Ayiti, apa lekòl« lelit » yo, bon kalite edikasyon an pa egziste ni an franse, ni ankreyòl. Men nou dwe konprann, bon kalite edikasyon an posib anfranse, epitou an kreyòl. Yon bon kaliteedikasyon an kreyòl ap bay pi bon rezilta paske lang matènèl elèv yo se kreyòl.Kidonk, se pou pote yon repons pou tout touman sa yo ki fè mwen mete «Pledwayepou yon etik ak yon kilti ki tabli respè dwa lengwistik ann Ayiti »nan mitan deba piblik yo.
Si pou n te kenbe yon sèl gwo lide pou defann ijans ak nesesite ki genyen poutabli yon « Pledwaye pou yon etikak yon kilti ki tabli respè dwa lengwistik ann Ayiti », se ta dwa pou moun sèvi ak lang matènèl yopoutèt se yonn nan dwa moun genyen ki enpòtan e yo pa dwe rejte. Dwapou moun sèvi ak lang li, se yon dwa prensipal e nou pa dwe janm bliye moun seyon kreyati k ap panse e k ap pale, li egziste atravè lang matènèl li e se nan lang sa a li di lemonn antye kiyès liye, se atravè lang sa a li di jan li konprann lemonn tou. Nan sans sa a, lèAyiti gen dwa pou sèvi ak kreyòl, lang matènèl, ki se yon dwa prensipal epi kienpòtan, sa ap pwouve yo rekonèt dwa lengwistik toutbon vre nan peyi a.
Refleksyon ki marye tousuit ak « refondasyonsistèm edikasyon an totalkapital ann Ayiti » pou kounye a se :nou tout nou vle yon bon kalite edikasyon ann Ayiti e egzijans sa a se yon egzijans ki mande yon konbittètansanm. Nou di yon bon kalite edikasyon, pa vre ? Wi, men èske n pa tadwe bay tèt nou tout zouti ki pou pèmèt nou trase epi mezire rapò ki genyen antkalite edikasyon an ak anviwònman lengwistik kote edikasyon an ye a ? Poun pi klè toujou : nan ki lang pou yo konsevwa bon kalite edikasyon sa a,pou yo fè pwomosyon pou li, pou mete l an branl, pou yo evalye l epi pou kreyemodèl pou miltipliye l ?
Refleksyon ki marye tousuit ak « refondasyonsistèm edikasyon an totalkapital ann Ayiti » pou kounye a se :nou tout nou vle yon bon kalite edikasyon ann Ayiti e egzijans sa a se yon egzijans ki mande yon konbittètansanm. Nou di yon bon kalite edikasyon, pa vre ? Wi, men èske n pa tadwe bay tèt nou tout zouti ki pou pèmèt nou trase epi mezire rapò ki genyen antkalite edikasyon an ak anviwònman lengwistik kote edikasyon an ye a ? Poun pi klè toujou : nan ki lang pou yo konsevwa bon kalite edikasyon sa a,pou yo fè pwomosyon pou li, pou mete l an branl, pou yo evalye l epi pou kreyemodèl pou miltipliye l ?
Poupote repons pou yon kesyon kapital konsa, sa vle di fòk nou kwè toutbon vre seyon obligasyon pou tabli yon pledwaye anndan espas piblik la pou rekonèt dwalengwistik ann Ayiti paske :
1) dwa pou moun sèvi ak yon lang, se dwa ki mande pou rekonèt langmatènèl la epi ba l premye plas. Se yondwa moun ki vreman fondamantal pou tout Ayisyen ki fèt e ki grandi annAyiti ; rekonesans lang matènèl la dwe chita byen djanm akote tout lòt dwafondamantal ki enskri anndan Konstitisyon 1987 la.
2) Dwa pou sèvi ak yon lang mande tou pou tout Ayisyen gen dwa poulekòl fè edikasyon yo nan tou 2 lang ofisyèl peyi a, kreyòl ak franse, e Letadwe respekte obligasyon konstitisyon an fè li pou li fè lekòl nan 2 lang sa yo.
3) Dwa pou sèvi ak yon lang oblije Leta ayisyen pou li pran yon lwasou amenajman kreyòl ak franse nan espas piblik la tankou nan domèn edikasyon.Sèl yon seri dispozisyon legal ki enskri anndan yon lwa amenajman lengwistik eki va aplike anndan enstitisyon yo, kapab reyini tout kreyolofòn yo ansanm pouyo jwi dwa pou yo sèvi ak lang matènèl yo pliske espas piblik tankou espasedikasyon an ap rekonèt li epi y ap soutni li.
Konklizyon
Limyè nou fè sou kesyon dwalengwistik ak dwa pou sèvi ak yon lang ta dwe reveye konsyans« desidè » ayisyen yo, espesyalman sila yo k ap travay nan youn nangwo domèn amenajman 2 lang ofisyèl yo, pa egzanp domèn edikasyon an, kote yonbon pati nan avni peyi a chita. Katran apre tranblemanntè a 2010 la, priyoritea parèt vreman endispansab, li vreman klè nan je anpil pwofesè, lengwis akanplwaye kad nan sistèm edikasyon ki eklate an miyèt moso a : nou pote yonvizyon ki mande pou yo tabli « refondasyonsistèm edikasyon an totalkapital ann Ayiti ». E mwen vle presizeli : se yon obligasyon pou yo konsevwa yon refondasyon konsa ak amenajman2 lang ofisyèl yo nan tout kou k ap fèt nan klas ak nan tout demach pou ajisteyon nouvo sistèm edikasyon nan peyi a, kit nan pi wo nivo, kit alabaz. Sesèten, kalite vizyon refondasyon sa a pi egzijan, li pi difisil pou yo mete lan mach. Se pou limenm Leta ayisyen ap kouri depi lontan, l ap kache pou l paaplike li paske li pa kapab kontre fas pou fas ak « pwoblèm lengwistikayisyen » Pradel Pompilus te abòde nan ane 1960 yo. Gen yon bagay moun dwe konsidere seryezman,depi refòm Bernard la, Leta ayisyen pa janm prepare okenn tèks enpòtan pou liprezante yon ansanm agiman ki ta pou sèvi kòm gid pou aplike yon politiklengwistik nan mitan lekòl yo ni nan tout sistèm nan. Li pa pwodui ni yondeklarasyon, ni yon sikilè fèm pou yo aplike san okenn kontestasyon, yon jès kita ka montre li konprann kalite ak pwofondè prensipal pwoblèm ki poze nansistèm edikatif la, ki se diferans sosyal ki egziste nan demann ansèyman an,nan kapital la tankou nan vil pwovens yo, poutan se yon pwoblèm ki te vizibdepi nan ane 1970 yo.
Eklèsisman sou 2 konsèp sa yo dwereveye konsyans sosyete ayisyen an tou ann antye paske jouk jounen jodi a, pa gen okenn lwa sevè, okennotorite oubyen enstitisyon reglemantè ki gen pouvwa pou fè respekte prensip,okenn zouti legal ki ka garanti aplikasyon yon politik lengwistik ekitab ni nanedikasyon nasyonal, ni nan espas piblik kote leta ap devlope relasyon aksitwayen yo. Se sèten, gen yon lit pou sitwayen yo mennen chak jou sou teren saa pou fè moun byen konprann wòl ak plas dwa lengwistik yo bò kote tout lòt dwafondamantal sitwayen yo.
Yon lòt fwa ankò epi tout tan, fòknou toujou pote limyè sou reyalite sa a : « Kreyòl se lang ki simante tout Ayisyen ansanm. Kreyòl ak franse se langofisyèl Repiblik la » (atik 5 Konstitisyon 1987 la). Reyalite sa a fè nou oblije chwazi yon mòdsosyete e li oblije nou rezoud « pwoblèm lengwistik ayisyen an » noute toujou ap neglije. Èske nou tout an jeneral pa konsène ? Sa vle di, noudwe travay anpil pou sosyete ayisyen an reyini toutotou lide pou konstwi yonpolitik lang sevè ki tabli yon pozisyon/estati egalego pou 2 lang ofisyèl nouyo e politik sa a ap pèmèt nou byen òganize jan n ap transmèt konesans langmatènèl la nan ansèyman siperyè ak teknik.
Nan yon tèks ki vreman ekri ak yonklate moun pa wè fasil e ki parèt nan 10 fevriye 2010 : « Haïti :la refondation d’une nation [21] », Jean-Claude Bajeux (1931- 2011) te sèvi ak pawòl sa yo pou li fè fòmasyon nou : « Bay timoun yo chans pou yo metrize 2 lang yo,se ba yo chans pou vàn konesans lan louvè devan yo, kidonk, se ba yo chans pouyo jwenn libète. Paske pa genyen yon edikasyon nasyonal pou tout timoun sanpaspouki, se sa ki fè yo poko wè egzakteman posiblite pou kreye yon metòdpedagojik ki bay timoun yo chans pou sèvi ak 2 lang yo.» « Pledwaye pouyon etik ak yon kilti ki tabli respè dwa lengwistik ann Ayiti » sezouti pou klewonnen pawòl sa a, l ap mache sou tras li e li kase randevou poudivès kalite defi ak priyorite. Se nou ki pou vle epi ki pou konnen nou dwereponn prezan an mas epi san n pa fèbak.
NÒT TÈKS LA
1. ant Aktyalite Loni/Centre d’actualités de l’ONU, 15 fevriye. «Haïti: l’Envoyée de l’Unesco défend une refondation du système éducatif».
2. AlterPresse, Pòtoprens, 24 me 2010. «L’après-séisme en Haïti: de la ‘convergence linguistique’ dans la Francocréolophonie haïtienne».
3. Gwoup Travay sou Edikasyon ak Fòmasyon/Groupe de travail sur l’éducation et la formation (GTEF, Pòtoprens, mas 2009). «Façonnons l’avenir».
4. 33 rekòmandasyon GTEF la.
5. Edikasyon/deba / Éducation/Assises – Bilan du Plan opérationnel (étape 2012-2015)
6. Al gade tou : Louis Auguste Joint (2006). Système éducatif et inégalités sociales en Haïti. Paris, L’Harmattan; voir aussi l’UNICEF: «Le droit à l’éducation pour tous».
7. Michel Degraff, 20 mas 2014. «Inisyativ MIT-Ayiti ap kore edikasyon san baryè ann Ayiti».
8. Pwogram deba nasyonal sou Edikasyon bon kalite/La programmation des «Assises nationales sur la qualité de l’éducation en Haïti» (avril 2014), li disponib sou entènèt.
9. Radyo Metwopòl/Radio Métropole, Pòtoprens, 11 avril 2014. «Assises: vers un observatoire national sur la qualité de l’éducation».
10. Pou plis limyè sou PSUGO (Programme de scolarisation universelle et de gratuité obligatoire), al gade Junia Barreau. «Sans démagogie, mettre l’humain au cœur du développement en Haïti». Revi Haïti Perspectives, vol. 2, no 2, ete 2013.
11. Pou kèk lide sou dwa lengwistik, ak dwa pou sèvi ak yon lang, al gade Berrouët-Oriol, R., D., Cothière, R., Fournier, H., Saint-Fort (2011). L’aménagement linguistique en Haïti: enjeux, défis et propositions. Éditions du Cidihca et Éditions de l’Université d’État d’Haïti.
12. Al gade nòt #11 la. Al gade tou : Joseph-G. Turi (1990). «Le droit linguistique et les droits linguistiques». Nan Les Cahiers de droit, vol. 31 no 2: les Presses de l’Université Laval, Québec.
13. Menm bagay ak nòt #12 la.
14. Deklarasyon inivèsèl sou dwa lengwistik/La «Déclaration universelle des droits linguistiques».
15. Menm bagay ak nòt #14 la.
16. Al gade Inyon laten/l’Union latine: http://dtil.unilat.org/tercer_seminario/actas/kilanga_fr.htm
17. Menm bagay ak nòt #16 la.
18. Menm bagay ak nòt #16 la.
19. Christiane Loubier (s.d.). «Politiques linguistiques et droit linguistique».
20. Dominique Fattier (2006). «Haïti et ses langues: représentations et réalités». Nan Présences haïtiennes: Université de Cergy-Pontoise, Centre de recherche textes et francophonies, p. 166
21. Jean-Claude Bajeux, 10 fevriye 2010. «Haïti: la refondation d’une nation». Nan Rien n’a été en vain -Aperçu sur les droits humains à l’aube du XXIe siècle. Rodolfo Mattarollo, fevriye 2013. (s.l.e.)..