« The color purple » d’Alice Walker en créole : « Koulè mov la »
Par Mario Malivert
Le Nouvelliste, 4 septembre 2019
JEBCA Editions pibliye ane sa yon tradiksyon an kreyòl ayisyen woman « The color purple » ke Alice Walker te ekri nan ane 1982. Liv sa te fèt sou fòm lèt de sè Ameriken nwa, Celie ak Nellie, ekri. Nan ane 1983, liv sa te resevwa de pi gwo pri literè nan Etazini (Pulitzer Prize for Fiction ak National Book Award for Fiction). Steven Spielberg, yon gwo direktè sinema, pral fè yon fim ak liv la an 1985. Anpil moun te gade fim nan, sa ki rann liv la vin pi popilè toujou. Li te pase an Ayiti sou non « La couleur pourpre ». An Kreyòl Ayisyen tit liv la se « Koulè mov la ». Se Lunine Pierre-Jérôme, Ed.D, ki fè tradiksyon an.
Depi plizyè ane JEBCA Editions lanse li nan yon kanpay pou tradwi an kreyòl ayisyen plizyè liv ki enpòtan pou Ayisyen li nan lang manman yo. Nan entwodiksyon « Koulè mov la », Lunine Pierre-Jérôme eksplike « se yon krim, yon abi lengwistik, yon asasinay kiltirèl, yon fòm esklavaj, lè nou pa sèvi ak lang natif natal nou pou nou pèmèt, jenn yo sitou, devlope konesans yo nan istwa pèp nwa daprè jan yon fanm nwa konprann li ak viv li. » Kidonk, liv sa se pa yon senp tradiksyon, se yon jefò pou kontinye bay Kreyòl Ayisyen an jarèt, paske li « se paspò nou, kidonk, idantite nou. »
Nan « Koulè mov la », pi fò lèt yo se Celie ki ekri yo, dabò Bondye, apre ti sè li, Nellie. Lèt li ekri Bondye yo se tankou yon jounal entim kote l ap pale de tout sa k fè li mal. Premye lèt la, ki vrèman kapte atansyon nou, se sou kijan bòpè li te vyole l. Lòt lèt li ekri a Bondye yo pale sou mizè l pase lakay yon mesye ki te pran l kay bopè a, apre lanmò manman. Nan kay sa, li te alafwa fanm mesye a ak bòn yon latriye pitit mesye a te genyen. Lèt Celie ekri Nellie yo vin apre, lè li fin dekouvri lèt Nellie te konn voye ba li.
Si « Koulè mov la » abòde anpil tèm inivèsèl, tankou abi gason ap fè sou ti fi, tankou move sitiyasyon fanm ap viv nan sosyete a, tankou jan estim ou gen de tèt ou ka libere w, liv la poze tou pikan kwenna ak jan li ta dwe tradui nan lòt lang. Alice Walker itilize nan lèt Celie yo yon dyalèk Ameriken nwa pale ki rele Ebonics, ki yon jan diferan ak Anglè estanda. Alòske, nan lèt Nellie yo, otè a itilize Anglè standa a. Konsa li montre diferans nan karaktè de sè yo : inosans Celie yon bò, e je kale Nellie yon lòt bò. Li montre tou diferans nan edikasyon yo : Celie ki pat gen chans ale lwen nan lekòl, e Nellie ki te rive nan yon nivo avanse. Otè a te vle montre tou jan ledikasyon ka bay yon moun zam pou konbat enjistis, epitou pou w kwè nan tèt ou.
Kidonk, nan tradiksyon liv sa, fòk ou ka fè diferans estilistik sa ant lèt Celie yo ak pa Nellie yo, jan Alice Walker fè l nan vèsyon orijinal liv li a. Nan jan Kreyòl la ye jodi a, nyans estilitik sa difisil pou w reyalize. Ou te ka fè Celie ekri yon Kreyòl natif natal e fè Nellie ekri yon Kreyòl fransize, tankou anpil Ayisyen ki edike fè, lan melanje mo Kreyòl ak mo Fransè. Men se pa sa Lunine Pierre-Jérôme te chwazi fè. Men kanmenm ou ka wè lèt Celie yo pi kout, sitou premye yo, e yo pi dirèk, tankou jan ti moun pale. Alòske lèt Nellie yo pi long, epitou lide ki ladan yo byen plòtonnen.
Malgre efò ki fèt nan kreyòl ayisyen an, anpil Ayisyen plis pale pase yo li kreyòl. Yo prefere li liv an fransè. Lè yo resi li yon liv kreyòl, se liv ki kout, tankou rekèy powèm oubyen woman ki pa gen anpil paj. Ak « Koulè mov la », yon gwo bout liv ki fè 422 paj, nou envite lektè Ayisyen yo pran san yo pou yo li tout liv la. Se vre se anpil paj, men se yon koleksyon lèt ki byen kout. Avan w bat je w, ou gen tan nan mitan liv la. Celie ak Nellie pap kite w depoze liv la, sof pou w fè bezwen nesesè w.
Nou salye inisyativ JEBCA Editions pou l rann yon seri bon liv ki make literati tout mond lan ak literati moun nwa yo disponib an Kreyòl Ayisyen. « Koulè mov la » se dezyèm liv Koleksyon Jaliyaa, ki genyen tou « Mwen konnen poukisa Zwazo ki nan Kalòj la ap chante » ke Maya Angelou ekri. Yon gwo kout chapo pou Lunine Pierre-Jérôme k ap dirije koleksyon sa.