Powemrafa
Par Rafael Lucas
Bordeaux, mai 2020
Chanje po Métamorphoses
Gen sa k tounen pousyè koulè chokola Certains deviennent une poussière chocolatée
K ap kabicha sou fèy bayawonn Somnolant sur les feuilles des bayahondes
Anba solèy k ap boule nan savann gwo midi Sous le soleil incendiant la savane en plein midi
Gen sa k tounen fèy palmis toulimen Certains deviennent des feuilles de palmier étincelant
kap tchatcha anba siklòn malkadi secouées comme des maracas par un cyclone épileptique
toubiyonnen nan lwa Papa Loko mis en transe par Loko le dieu vaudou du vent
Gen sa k tounen dlo nan je k ap klere Certains deviennent des larmes brillantes
koule desann sou figi pa bliye Ruisselant sur le visage de la nostalgie
pa brennen sou paking latristès immobile à l’emplacement de la tristesse
Gen sa k tounen chabon dife certains deviennent des charbons d’un feu
K ap kabicha anba sann ki fin frèt assoupi sous la cendre désormais froide
Lè lanmou fin refwadi quand l’amour a refroidi
Gen sa k tounen dyaman lawouze certains deviennent des diamants de rosée
Kèpòpòz sou fèy pye bannann Si tranquilles sur les feuilles des bananiers
Lè solèy ap pentire douvanjou quand le soleil colorie le devant-jour