Georges Castera, yon powèt wodpòte
Par Claude Bernard Sérant
Le Nouvelliste, 28 janvier 2020
Ayiti pèdi yon gwo powèt nan jounen 24 janvye 2020 : Georges Castera, yon powèt wodpòte. Kelkenanswa jan Castera vire lang li powèm lan bon. An kreyòl se wololoy. An franse mèm amou. Nou kapab konprann poukisa tout jèn, kote yo pase yon powèm Georges Castera sou pwent lang yo. Pase isit pase lòt bò, Georges Castera se powèt timoun, jèn tankou granmoun. Nan memwa nou Castera klere k on solèy k ap leve ak yon ti van fre dèyè mòn pou l blayi lajwa ak kontantman nan kè nou.
Georges Castera penn yon ri nan yon rekèy powèm ki rele »A Wodpòte » Ed. Contre-Courant, 1995. Powèt la mete tout li menm nan yon letènite pou l kapte yon bon moman sou figi yon moun li renmen. Li rive fè nou viv yon lakontantman, yon ri ki gen tout reyon solèy ladan l. Lajwa sa a enprime nan lespri nou pou tout tan gen literati.
Lè ou ri
Figi-w kase kòd,
ou ri tout ri
ki nan kò-w
ou ri tout solèy,
tout lalin
tout lari
brase ansanm,
ou pase yo lan rizib,
pase yo lan krib
fen fen
jistan lonbrit
tout chimen
ateri lan plamen-ou.
Lè ou ri, cheri,
se kouri van ape kouri
pou-l vin ri
avè-w.
Lè ou ri
se konsi se solèy
ki poze lan men-m
an milyonven ti moso
zenglen mouri-limen.
Chak kou ou ri,
m’ri tou
pou-m mouri ak ri
lan bra-w,
pou-m mouri
lan latouni ak ri.
Manifestasyon ri powèt la fè nou viv sou vizaj yon moun nan »A Wòd Pòte » yon kè kontan ki efase tout souci nou te ka genyen. Ri Georges Catera pote pou nou tout nan powèm sa a, li bon pou lasante.
Quand tu ris
Ton visage se libère
Tu ris toutes les rires
qui habitent ton corps
Tu ris tous les soleils
toutes les lunes
toutes le rues
en une seule brassée
tu te ris d’elle
en les passant au crible
le plus fin
jusqu’à ce que le nombril
de tous les chemins
atterrissent dans ta paume.
Quand tu ris, chérie,
Le vent court après toi
pour rire en ta compagnie.
Quand tu ris
c’est comme si le soleil,
Se posait dans ma main
en de millions petits morceaux
de verre clignotant
à n’en plus finir.
A chaque fois que tu ris,
moi aussi je ris
pour mourir de rire
dans tes bras,
Pour mourir de rire
dans l’ivresse
de ta joie.
Georges Castera
Lè nou chwazi « Lè ou ri », (Quand tu ris), yon ekstrè nou tire nan »A Wodpòte » Ed. Contre-Courant, 1995, nou wè powèm Georges Castera an penpan. Jan w vire l li bon. Mizik powèm nan, òkès k ap akonpaye mo yo kenbe menm kadans lan. Akò yo sonen byen lè vwa nou ap monte desann ak powèm nan. Imaj powèm nan pwojte nan lespri nou bon jan rezolisyon. Ou ta di se ak koulè lakansyèl powèt la penn mo yo. Georges Castera, ou lese yon gwo vid nan fon kè nou. Powèm ou yo ap toujou akonpaye nou nan tout sikonstans. Nan lajwa kou wè nan lapenn.
Pa bliye. Vandredi 31 janvye, 5 è nan aswè jiska 7 è edmi, fanmi Castera ak yon komite òganizasyon ap òganize nan lokal (Sant da) Centre d’art, 58 riyèl Roy, yon veye finèb pou Georges Castera. Tout moun ki renmen powèt la ap vin rann li yon dènye omaj.