Akò 8 jiyè2015
Sotinan feblès vizyon akò a pou kòmanse
rive nan Akademi kreyòl ak ministè Ledikasyon nasyonal
Anba plim RobertBerrouët-Oriol
Monreyal, 15 jiyè2015
Tradiksyon kreyòl :Claude Berrouët
Lengwis
Sa fè kèkmwa deja depi sou kèk sit Web zanmi ak sou sit pa m nan, m te avèti lektèpiblikasyon lengwistik mwen yo, nan peyi Ayiti ak lòt bò dlo, sou fason dwòl yote kreye Akademi kreyòl la, sou sans misyon li ak pwoblèm sa ta pral bay pidevan. Se konsa m te fè konnen ki jan mpa t dakò sou plan teyorik ak kisa m te panse kòm lengwis nan de atik m tepibliye yo : L’Académiecréole : « lobby », « ONG » ou institution d’État sous mandatd’aménagement linguistiquePour uneAcadémie créole régie par une loi fondatrice d’aménagement linguistique
Depi kèkjou, detwa jounal ap pale sou akò Akademi kreyòl ayisyen siyen ak ministè Ledikasyonnasyonal. Dapre jounal Le Nouvelliste, se ta yon akò pou fè promosyon kreyòlnan lekòl yo (Un accord pour fairela promotion du créole dans les écoles;pouajans laprès HPN, se ta yon akò pou nòmalize kreyòl nan lekòl yo (Un accord pour standardiser et formaliser le créoledans les écoles; ajansAlterPresse li menm di se yon nòmalizasyon lang kreyòl la (Pour unestandardisation de la langue créole. Pou nou kapab byen lonprann sans akò sa a,li te enpòtan pou nou t al gade dokiman an menm ministè a pibliye. Dokiman noujwenn nan sou sit ministè a, yon dokiman Word, ki pa dokiman ofisyèl akò rele « Pwotokòl akò ant MinistèEdikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (Menfp) ak Akademi kreyòl ayisyen (Aka)». Dokiman sa a, nou jwenn sou sit ministè a, pa gen ankenn siyati nidat, ni li pa di nonplis kilè pwotokòl sa a ap kapab aplike. Alòs, pou nouevite tout rale mennen vini ak kontradiksyon, ak diskisyon sou ki dokiman kiotantik, ki te mwen di n ap kapab konsilte vèsyon ofisyèl pwotokòl akò ak toutsiyati, ak dat, nan sekretarya Akademi kreyòl la. Sa vle di, se avèk vèsyonofisyèl m ap travay. Dat pou li aplike se 8 jiyè 2015, enpitou vèsyon ofisyèlla pa diferan ditou ak vèsyon n ap jwenn sou sit ministè Ledikasyon nasyonal.Atik sa a se yon analiz k ap fè limyè sou Pwotokòl akò ant MinistèEdikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (Menfp) ak Akademi kreyòl ayisyen (Aka)
Melimelo teyorik ak feblès nan vizyon
Yon premye bagay oukonstate, lè ou ap li akò sa a de pati yo siyen, sèke yon lòt fwa ankò moun kiap fè promosyon Akademi kreyòl la sanble vle met « charèt la devan bef yo » kòmsi yo vle fè l tounen yon enstitisyon amenajman lengwistik alòske Leta ayisyenpoko janmm genyen yon politik nasyonal pou amenajman de lang ofisyèl peyi a;yon politik nasyonal ki ta dwe soti nan yon lwa Palman an va adopte. Li klè seyon move reprezentasyon kote Akademi kreyòl la ap pase pou yon enstitisyonamenajman lengwistik ki pral jwenn, gras ak yon seri akò biltateral, manda pouli fè amenajman lengwistik alòske selon la lwa ki kreye li a, Akademi a se yonenstitisyon « tip deklaratif », ki ap bay oryantasyon, se pa yon enstitisyon «tip egzekitif », sa vle di ki ap fè.
Se poutèt sa, nan atik m pilbliye yo, sitou nan L’Académie créole : « lobby »,« ONG » ou institution d’État sous mandat d’aménagement linguistique», m plede pou fòmasyon yon akademi kreyò k apsoti nan yon projè amenajman lengwistiktoutbon ki chita sou yon lwa ak règleman aplikasyon. Nan tèt pa m se yonakademi ki t ap jwenn tout rezondèt ak legtalite li nan yon politk lengwistikki t ap debouche sou yon manman lwa pou amenajman de lang ofisyèl yo.
Latroublayant « tip deklaratif » ak « tip egzekitif » Akademi kreyòl la soti nan « Considérations générales » akò 8 jiyè2015 : « Misyon MENFP ak misyon AKAkwaze sou kesyon politik lang nan peyi a, espesyalman nan sistèm edikatifayisyen an kote tout aktè yo dwe respekte dwa lengwistik elèv ayisyenyo. » Nou wè se yon bagay yo swete, ki montre kote deklaratif Akademia, kote tout moun ki siyen akò a ta renkmen wè tout moun ki gen yon wòl pou jwenan sistèm ledikasyon an respekte dwalengwistik timoun yo.Fò nou di tou, pa gen ankenn kote nan akò a, oswanan yon anèks, yo defini « dwa lengwistik » yon elèv : eske elèv yo gen «dwa lengwistik » separe, ki pa menm ak dwa tout sitwayen ayisyen? Nou pa konnnonplis kisa moun ki siyen akò a vle di lè yo sèvi ak nosyon legal « dwa lengwistik» la. Yo rale menmen vini nosyon« dwa lengwistik » la san yo pa gade sa li vle di toutbon ni pòte l nan teksakò a oswa nan yon anèks. Nou tout kakonprann latroublay teyorik ant « dwa lengwistik » ak « dwa lengwistik elèv yo»; li kapab fè nou rive kote pòt la louvri pou tout moun voye monte sou dwalengwistik espesifik pou chap kategori moun nan popilasyon an, yon melimelo sanpye ni tèt. Latroublay sa a montre nou gen yon feblès anpatan nan vizyon an; «dwa lengwistik » se pawòl anlè ki pa chita sou yon lwa nasyonal obligatwa poutout peyi a ak sistèm ledikasyon an.
Nous kapabwè latroublay pi lwen toujou nan mitan Akademi a lè n ap gade ki jan yo malsèvi ak nosyon boulpik « amenajman lengwistik » la.Itilizasyon vaykevay san definisyon yon nosyon tèlman enpòtan andedan akò oswanan yon anèks kapab fè nous sezi oswa choke nou.Men si nou gade vre n ap wè se sa li ye : Akademi kreyòl la, yonenstitisyon tip deklaratif jan lalwadi l,ta vle fè nou konprann li gen manda pou li reyalize amenajman lengwistik nanpeyi Ayiti san pa genyen yon lwa nasyonal obligatwa pou tout peyi a ak sistèmledikasyon an. Epoutankaratè deklaratif Akademi kreyòl la klè dapre lalwa ki kreye l la (lalwa Sena avote 10 desanm 2012 enpi chanm depite a vote 23 avril 2013). Nan lalwa sa a,sou kesyon « manda Akademi a » noujwenn yon seri mo deyiktik (ki ta vle montre nou wòl Akademi a) tankou « ankouraje »,« soumèt pwopozisyon », « favorize », « ankouraje enpipwopoze », « fè rekòmandasyon » ki pwouve nou karaktè deklaratifAkademi a.
Si ou li « Considérations générales » akò 8 jiyè2015 la, ou ap wè ankò ki jan gen yon melimelo teyorik andedan Akademi a;alòske andedan Akademi pa gen anpil lengwis, nou kapab li « 2 enstitisyonyo chwazi mete fòs yo ansanm nan pran angajman pou amelyore kalite ansèyman nansistèm ledikasyon ayisyen an, epi pou reyalize yon amenajman lengwistik andedan sistèm nan (…) ». San yo pa gade rechèch ki te fètdeja nan domenn nan, san yo pa pran tan pou egzamine byen rapò rechèchkonsiltan ministè Ledikasyon nasyonal te prepare pou ministè a « Aménagementlinguistique en salle de classe » (MENJS, jiyè 2000), siyatè akò a tavle fè nou konprann yo konnen kisa y ap di, san yo pa site ankenn referansteyorik oswa pratik, lè yo ap pale sous kesyon amenajman lengwistik. Men sa liye vreman amenajman lengwistik la? Eske se yon bagay nou swete, nou ta renmenwè, yon seri bèl pawòl anlè n ap fè moun tande andedan administrasyon ministèa? Eske se yon amenajman ki pa chita sou yon definisyon klè « dwa lengwistik »pou tout Ayisyen? Oubyen se yon aksyon Leta ki chita sou yon manman lwa k apsèvi pou amenajman de lang ofisyèl yo? Nan « Considérations générales » akò 8 jiyè 2015, nou kapab konstatemelimelo teyorik ak feblès nan vizyon an anpatan, kòm si anyen pa te janm fèt,kòm si ministè Ledikasyon nasyonal ak Akademi kreyòl la ta deside bay vagdokiman oryantasyon yo rele « Lastratégie nationale d’action pour l’éducation pour tous »ki te pibliye nan mwa septanm 2007, sitou twazyèm chapit dokiman an « Les choix stratégiques nationaux ».Enpitou, nou ta renmen konnen sa k pas avèk aplikasyon strateji nasyonal sa a uitanapre yo fin prepare l. Sistèm lediksayon ayisyen an gen maladi somèy oswa lisou beki : anpil obsévatè remake chak nouvo responsab ministè a (gen yonnouvo omwen chak dezan) mache ak pwòp pwojè refòm li nan valiz li, yon nouvoplandaksyon, manda pou yon nouvo komisyon (pou odit oswa pou yon nouvokourikoulòm), lòt akò bilateral oswa miltilateral, nouvo oryantasyon stratejik…
Lekti kritik objektif akò a
Objektifprensipal akò a li konsa : « Atik 1. Dokiman sa a se yon PwotokòlAkò ki angaje Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ak Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) sou fason pou yo kalobore pou pèmètlang kreyòl la sèvi nan tout nivo anndan sistèm edikatif ayisyen an ak nanadministrasyon MENFP. » Sinou byen konprann objektif sa a, nou wè la ankò gen yon latroublay ant karaktèdeklaratif Akademi ak sa li ta dwe kapab fè : se pou« pèmèt »yo sèvi ak lang kreyòl nan tout nivo sistèmledikasyon ak nan administrasyon ministè Ledikasyon nasyonal – se pa pou oblijetout moun sèvi ak kreyòl enpi ankadre ki jan y ap sèvi avèk li. Mezi sa li paobligatwa enpitou pa gen fason pou mezire l; Pa ankenn règleman ki di ki janpou applike l; enpitou Akademi kreyòl la nan moman n ap pale a pa gen ankennresous pwofesyonèl disponib pou fè yon bon jan travay ni li pa genyen ankennmwayen lojistik ki ta pèmèt li fè travay sa a en pi mezire efikasite li. Noutoujou devan yon enstitisyon deklaratif ki konprann li se yon enstitisyon kikapab egzekite. Li enpòtan pou nou fè konnen andedan ministè Ledikasyon genyendispozisyon règleman ki ta pèmèt fè yon bon travay sou kesyon amenajman de langofisyèl yo nan sistèm lediksyon an. Travay sa t ap fèt dapre yon premye lwa soukesyon amenajman lengwistik nan Ayiti. Si nou gade vre, li pa t nesesè pou noute fè yon akò initil avèk Akademi kreyòl la pou ministè Ledikasyon pran yonseri mezi, menm si li pa gen gwo mwayen, sou kesyon amenjaman lengwistik la nansistèm ledikasyon an. Li difisil pou kwè nan kondisyon Akademi kreyòl ap fonksyonekote li manke resous pwofesyonèl sou plas, l ap kapab rive fè kichòy serye nanpatenarya li siyen ak Ledikasyon nasyonal. Enben, eske akò sa a se yon akòvolontè mache vit, san vizyon, men sensè, oswa yon akò san reflechi, atifisyèl,pou fè wè selon yon lojik PSUGO kipa klè, tout moun refize? Annou tann pou nou wè !
Si nou gade objektif akò, n ap wè gen yonmelimelo ant vizyon jeneral ak fason pou yo aplike akò a. Atik 7 nan « Principes fondamentaux » dokiman di« MENFP ap chwazi de (2) moun ki reskonsab pou travay avèk komisyonedikasyon ki nan AKA pou sèvikòm lyezon ant AKA ak Ministè a sou kesyon amenajman lang kreyòl ak souansèyman lang nan sistèm nan.»
Gen lòt objektif nan akò a ki kouvri anpil privilèjministè Ledikasyon ki fè n ap mande si nou pa devan yon doub anplwa, sa vle dikreyasyon yon lòt ministè Ledikasyon k ap pote kole ak ministè ki la déjà a.Pou nou verifye ipotèz doub anplwa annou gade kèk lòt objektif akò a :
« Prinsip fondamantal »
Atik 6. MENFPap travay avèk sipò AKA pou yo rive jeneralize itilizasyon lang kreyòl la kòmzouti ansèyman nan tout nivo nan sistèm edikasyon an.
« Reskonsablite AKA »
Atik 8. AKA ap travay mennan men ak MENFP sou oryantasyon amenajman lang nan sistèm edikasyon an.
Atik 9. AKA genyenpou li travay ak MENFP sou Refòm Kourikoulòm yo ;
Atik 10. AKA ap ede MENFPveye sou kalite materyèl edikatif an kreyòl pou kèlkeswa nivo, pou kèlkeswamatyè k ap anseye nan lekòl yo nan peyi a ;
Atik 11. AKA genyen pou liede MENFP nan fòmasyon k ap bay pou anseye lang kreyòl oswa nan langkreyòl ;
Atik 12. AKA dwe bayMENFP dizon li sou pwogram fòmasyon sou lang kreyòl pou pwofesè yo nan kèlkeswanivo a. »
Lè ou gade objektif akò 8jiyè 2015 la, eske ou pa gen dwa poze tèt ou kesyon sou gouvènans sistèmledikasyon an : Ki moun k ap kontwole kisa nan sistèm nan? Yon ministè kigen anpil dwa, Ledikasyon nasyonal, ak yon enstitisyon ki nan tete dakò pou yomete fòs yo ansanm pou yo reyalize yon amenajman lengwistik nan sistèmledikasyon an. Nou ta dwe kontan, non! M ap di nou klè,mete bab nou alatranp. Tout sa nou sòt li deja nan premy pati atik sa a ta dwe fènou konprann tout bagay. Men gen plis toujou. Yo « tronpe yo soumachandiz la » tankou analiz sanpatipri yon aspè enpòtan sou gouvènanssistèm ledikasyon nasyonal la montre nou. Se sa wi, ankèt sou teren an youn nankomisyon nasyonal sou ledikasyonmontre ministè Ledikasyon nasyonalpa menmrive kontwole 20 % sistèm ansèyman an. Apeprè 80 % sistèm ledikasyon ayisyen sesektè prive nasyonal ak entènasyonal k ap finanse l, k ak dirije l, san nou pa bliyevalè ONG k ap travay nan sektè a. Kididonk,patnè ki siyen akò 8 jiyè 2015 ap kapab fè yon travay sèlman sou 20 % sistèmledikasyo an, etandone akò a– yon fotgrav—pa t prevwa ankenn fason pou yo te entegre sektè prive nasyonal akentènasyonal la, ki tankou nou sòt di l enpi n ap repetel ankò, reprezante apeprè80 % sistèm ledikasyon nasyonal la. Tout moun ki ta di n lekontrè ap bay tè yokouray paske machandiz la pa sa yo ta vle fè nou kwè. Pou nou klè, Leta ayisyenpa gen mwayen pou li fè anyen sou majorite sistèm prive ledikasyon nasyonal lapaske li pa finanse sistèm nan enpi li pa kontwole l nonplis. Yo ta vle fè noukwè avèk akò 8 jiyè 2015, Leta ayisyen gras ak de enstitisyon ki siyen akò a,pare pou yo koumanse travay sou tout aspè sistèm ledikasyon an pou yo fèamenajman lengwistik. Se t ap yon twonpri san parèy k ap bay anpil lespwa pèsònkapab satisfè.
Objektif nou jwenn nan atik 6 ak 8 nan akò a montrenou genyen yon gwo pwoblèm nan vizyon an paske yo pa konnen oswa yo pa vle tireleson sou eksperyans ki fèt deja. Si nou vle toutbon rive « jeneralize langkreyòl pou anseye nan tout nivo sistèm ledikasyon an » (atik 6), nou ta dwetoutdabò ranpli kèk kondisyon. Patnè akò 8 jiyè 2015 la ta dwe fè sa yo kapabpou yo pa fè menm erè ki te fèt sou refòm Bernardnan lane 1979; pwofesè yo ta dwe resevra bon janfòmasyon didaktik ak pedagojik pou yo kapab reyalize « jeneralizasyon langkreyòl pou anseye nan tout nivo sistèm ledikasyon an »; anmenmtan, yo ta dwekapab jwenn bon jan materyèl didaktik nan lang kreyòl, pou yo rive reponn akobjektif yo; pi devan, pèsonèl pèmanan Akademi kreyò la, ki pa genyen anpillengwis nan mitan li, ta dwe resevra menm fòmasyon sa tou. Sou kesyon fòmasyonanseyan yo, men sa legwis Pierre Michel Laguerre, ansyen direktè jeneralministè Ledikasyon nasyonal di : « Anseyan nou ta dwe fòme yo, se toutdabò yon reyalite statistik etewojènki kache yon pil pwofil diferan. Statistik ofisyèl pou lane 1993-1994 te montre genyen apeprè 29 174 mounk ap travay nan ansèyman primè; nan chif sa a 71 % se nan sektè privé». Si nou gade vre, n ap wè nankondisyon n ap fonksyone kounyeya, dapre akò 8 jiyè 2015 la, nou pare pou nou repete echèk presketotal refòm Bernard nan lane 1979, yon refòm yo te kanpe enpi aplike menm lèLeta ayisyen, ki pa t gen sipò pouvwa egzekitif la, pa te kapab fè sa vanse souplan politik, anmenmtan mwayen didaktik ak pedagojik nan tout peyi a pa t kò chitamalgre bon jan travay Enstiti pedagojik nasyonal (IPN14)) t ap fè.
Si nou sonje sa m te di nou anvan sou kesyongouvènans ministè Ledikasyon nasyonal sou apeprè 20 % sistèm ledikasyon an, lipa reyalis ditou enpi se yon twonpri si yo ta fè nou kwè n ap mache pou nourive « jeneralize lang kreyòl pou anseye nan tout nivo sistèm ledikasyon an ». Nap di l ankò, Leta ayisyen pa gen nan men li ankenn enstriman legal, ankennpwogram, ankenn lwa-kad, pou li rive reponn ak objektif sa a nan sektè privelediksayon an ki se 80 % sistèm ledikasyon nan peyi a. Menm bagay pou kesyon «oryantasyon amenajman lang kreyòl nan sistèm ledikasyon an » (atik 8) alòskeLeta finanse ak kontwole sèlman 20 % sistèm ledikasyon nasyonal la. Eske nou tadwe repete l ankò, akò 8 jiyè 2015 pa di kwik sou mezi nou ta dwe pran pou noukonsidere rès 80 % sistèm ledikasyon an nan kesyon « oryantasyon amenajman langkreyòl nan sistèm ledikasyon an » (atik 8). Menm pwoblèm sou kesyon refòmkourikouloum lekòl fondamantal la (atik 9) : sou ki kourikouloum nasyonaly ap pale alòske Leta pa kapab fè ankenn entèvansyon sou 80 % sistèm nan li pakontwole ditou. Jis pou lòd, kite m fè nou sonje se ministè Ledikasyonnasyonal, se pa Akademi kreyòl la, ki gen anpil ekspètiz nan zafè kourikouloum.Kite m pi klè toujou, kesyon refòm kourikouloum nan se yon kesyon ki tounentoutan nan sistèm nasyonal ledikasyon an. M ap site teksBureau international d’éducation (BIE) nan 25 jen2013 : « À la suite du séismedévastateur qui a frappé Haïti en janvier 2010, le Ministère de l’Educationnationale et de la formation professionnelle (MENFP) a élaboré un plan pourreconstruire et réformer le système éducatif haïtien. Le gouvernement considèrela restructuration des curricula et des programmes comme un levier pour améliorerla qualité de l’enseignement en Haïti. » Senkan apre, n aptann toujou rezilta « plan » sa a, sitou sou kesyon amelyorasyon « Kaliteansèyman nan Ayiti » ; sistèm ledikasyon ayisyenan pa fè yon pa nago, li rete menm jan an, pa gen ankenn refòm ki fèt. Se lavemen siye atè si nou kwè n ap rive fè yon « revolisyon »toutbon nan domèn kourikouloum nan si nou pa genyen yon politik nsasyonal pouamenajman lengwistik, si nou pa genyen yon lwa ki oblije nou fè amenajman delang ofisyèl yo. Si nou di lekontrè, alòske nou kontinye ap repete menm bagayyo, ap fè menm jès yo ak yon men sèlman, n ap rann sistèm nan pi fèb toujou akyon seri desizyon mancho san koyerans pou nou fè moun konprann n ap fè yonoryantasyon estriktirèl jeneral.
Pa bliye depi 30 lane, sistèm ledikasyon ayisyen kisou kabann lopital resevwa tout kalite dyagnostik kit se pa espesyalis peyioswa espesyalis etranje. Konsa tou nou ta dwe di sistèm nan manke pwofesèkalifye ak bon jan materyèl didaktik ki ta pèmèt travay la fèt nan de langofisyèl yo. Konsa tou, nou deja konprann patnè akò 8 jiyè 2015 pa gen chapantnasyonal entelektyèl ak pwofesyonèl nesesè pou yo rive reyalize objektif kiparèt nan atik 9, 10 ak 11. Elaborasyonmateryèl didaktik se zafè pwofesyonèl metye a, li mande yon ansanm konpetanslengwistik ak didaktik wo nivo Akademi kreyòl la pa genyen anba men li, alòske, fòk nou di li, ministè Ledikasyonnasyonal genyen anpil moun kalifye ak ekspètiz nan domèn didaktik ak pedagojik.Kontrèman a sa atik 11 objektif akò di, se ta pito ministè Ledikasyon nasyonalki ta dwe fè mizanivo didaktik manm Akademi kreyòl la sou kesyon fòmasyon nanlang kreyòl ak sou lang kreyòl.
Yon lòt bagay ankò, akò 8 jiyè 2015 la pa di anyensou reyalite lang franse nan sistèm lediksasyon ayisyen anjeneral. Kijanmesyedam akò 8 jiyè 2015 la pral jere de lang sa yo, k ap mache bwete, nansistèm ledikasyon peyi a. Reyalite sa a se yon reyalite nou pa kapab vire do bali : yon reyalite lengwis Pierre Michel Laguerre, ansyen direktè jeneralministè Ledikasyon nasyonal,ap analizenan « Le système éducatif haïtien entre le créole et le français ». Menm mesyedam ki siyen akò a pa di kwiksou reyalite sa ki yon reyalite konpleks – chak ane nou konstate yon gwonpousantaj timoun ki soti nan sistèmlekòl la…li sanble li pi fasil ak bagèt kreyòl la pou nou efase patrimwanlengwistik lang franse nan peyi Ayiti, alòske papa pitit ak manman pitit apmande pou pitit yo aprann franse tou. Li klè fason yo pale sou zafè lang peyi apa mache ak yon pwogram ki pote solisyon ekitab pou dwa lengwistik.
San nou pa rete chita sou limit ak mankman akò 8 jiyè2015 la, nou ta dwe di nan lane 2015 la nou depase epòk kote nou t ap goumenpou kreyòl antre nan tout lekòl nan peyi Ayiti. Nou rive kote li mande pou nouelabore a) yon definisyon klè dwalengwistik pou tout Ayisyen ki pale kreyòl, b) dwa tout Ayisyen pou yoresevwa enfòmasyon nan lang kreyòl,c) yon politik nasyonal amenajman lengwistik ki dwe vini anvan toutentèvansyon serye nan sistèm ledikasyon an. Si eleman fondamantal sa yo pala, siyatè akò 8 jiyè 2015 ap refè menm erè yo te remake lè yo te fè bilanrefòm Bernard nan lane 1979 la, alòske « « jeneralizasyon lang kreyòl pouanseye nan tout nivo sistèm ledikasyon an », yon objektif m dakò avè lsanpousan kòm yon prensip rezonab,p ap fè bak ankò, men se yon jeneralizasyon ki mande pou li byen chita, byenplanifye ak byen egzekite. Ayiti ak Ayisyen mande pou responsab yo sispann prandesizyon ki p ap abouti ak anyen, sispann fè entèvansyon ak pwogram k ap repetesa ki te fèt déjà, kòm si nou pa ta dwe gade sa ki te fè déjà avèk yon lesprikritik pou nou planifye yon demen tounèf, pou ledikasyon chak sitwayen ayisyenak pou ledikasyon anjeneral. Pou dwa lengwistik vin yon reyalite, fò gen yonlwa ki garanti amenajman lengwistik…se pa yon bagay ki rezève pou ekspè, menmsi yo onèt, k ap kouri siyen akò san yopa konsidere eksperyans ki fèt déjà ak ekspètiz pwofesè kalifye (genyenanpil nan sistèm ledikasyon an). Mesyedam ki siyen akò 8 jiyè 2015 la ta aprannanpil bagay si yo ta koute pwofesè sa yo, didaktisyen ak pedagog peyi a.
Surla notion centrale de « droitslinguistiques », voir Berrouët-Oriol, R., D., Cothière, R., Fournier,H., Saint-Fort, 2011. L’aménagementlinguistique en Haïti : enjeux, défis et propositions. Éditions du Cidihcaet Éditions de l’Université d’État d’Haïti. Voir aussi Robert Berrouët-Oriol, 2014. Plaidoyer pour une éthique et uneculture des droits linguistiques en Haïti. Éditions du Cidihca (Montréal) et Centre œcuménique des droitshumains (Port-au-Prince).
Sur la notion centrale de « d’aménagement linguistique », voir Berrouët-Oriol,R., D., Cothière, R., Fournier, H., Saint-Fort, 2011. L’aménagement linguistique en Haïti : enjeux, défis et propositions.Éditions du Cidihca et Éditions de l’Université d’État d’Haïti.
Lwa pou kreyasyon akademi kreyolayisyen an» a été votée au Sénat le 10 décembre 2012 et à la Chambre des députésle 23 avril 2013. Elle figure dans Le Moniteur du 7 avril 2014.
Pour un éclairage analytique objectif du PSUGO (Programme descolarisation universelle et de gratuité obligatoire), voir JuniaBarreau : « Sans démagogie, mettrel’humain au cœur du développement en Haït ». Revue Haïti Perspectives, vol. 2, no 2, été2013.
Voiren particulier le rapport de la Commission présidentielle de l’éducation, leGTEF (Groupe de travail sur l’éducation et la formation), « Façonnons l’avenir », mars2009.
Sur la réformeBernard de 1979, voir Berrouët-Oriol, R., D., Cothière, R., Fournier,H., Saint-Fort, 2011. L’aménagementlinguistique en Haïti : enjeux, défis et propositions. Éditions du Cidihcaet Éditions de l’Université d’État d’Haïti. Voir aussi Michel St-Germain(1989). La situation linguistique enHaïti : bilan et prospectives. Québec : Conseil de la languefrançaise ; chapitre 3, « La réforme éducative ». À propos de la réforme Bernard et du rôle del’IPN, voir le propos de Guy Alexandre dans «Haïti :radiographie d’une dictature anti-nationale, le »jean-claudisme » », par RobertBerrouët-Oriol. Texte en ligne sur le site littéraire www.berrouet-oriol.com
Enseigner lecréole et le français aux enfants haïtiens –Enjeux et perspectivesPierreMichel Laguerre,ImprimerieHenri Deschamps, Port-au-Prince, 2003. Livre publié avec le soutien de l’OIF (Organisationinternationale de la francophonie).
Améliorer la qualité de l’enseignementà travers la réforme du curriculum en Haïti Bureau international d’éducation (BIE), 25 juin 2013.
À propos dela qualité de l’enseignement en Haïti, voir l’article « Pourmieux comprendre la dimension linguistique de la qualité de l’éducation enHaïtipar Robert Berrouët-OriolTexte en ligne sur le site littéraire www.berrouet-oriol.com . Voiraussi Robert Berrouët-Oriol, 2014Plaidoyer pour une éthique et une culture desdroits linguistiques en Haïti. Éditions duCidihca (Montréal) et Centre œcuménique des droits humains (Port-au-Prince).
Le système éducatif haïtien entre le créole et lefrançais », par PierreMichel Laguerre. Dans Haïti etl’après-Duvalier : continuités et ruptures (Cary Hector et HérardJadotte éd.). Éditions Cidihca-Henri Deschamps, 1991.
Sur la déperdition scolaire, voir l’article Le droit à la langue maternelle dans laFrancocréolophonie haïtienne par RobertBerrouët-Oriol. Texte en ligne sur le site littérairewww.berrouet-oriol.com ; voir aussiBerrouët-Oriol, R., D., Cothière, R., Fournier,H., Saint-Fort, 2011. L’aménagementlinguistique en Haïti : enjeux, défis et propositions. Éditions du Cidihcaet Éditions de l’Université d’État d’Haïti.
Sur lanotion d’« équité des droitslinguistiques », voir Berrouët-Oriol, R., D., Cothière, R., Fournier,H., Saint-Fort, 2011. L’aménagementlinguistique en Haïti : enjeux, défis et propositions. Éditions du Cidihcaet Éditions de l’Université d’État d’Haïti. Voir aussi Robert Berrouët-Oriol,2014. Plaidoyer pour une éthique et une culture desdroits linguistiques en Haïti. Éditions duCidihca (Montréal) et Centre œcuménique des droits humains (Port-au-Prince).
Sur lanotion essentielle de « droit à lalangue », voir Le droit à la langue maternelle dans laFrancocréolophonie haïtienne », par RobertBerrouët-Oriol. Texte en ligne sur le site littérairewww.berrouet-oriol.com. Voir aussi Robert Berrouët-Oriol, 2014. Plaidoyer pour une éthique et une culture desdroits linguistiques en Haïti. Éditions duCidihca (Montréal) et Centre œcuménique des droits humains (Port-au-Prince).
Sur mespositions de principe, voir les publications suivantes :Berrouët-Oriol,R., D., Cothière, R., Fournier, H., Saint-Fort, 2011. L’aménagement linguistique en Haïti : enjeux, défis et propositions.Éditions du Cidihca et Éditions de l’Université d’État d’Haïti. Voir aussiRobert Berrouët-Oriol, 2014. Plaidoyer pour une éthique et une culture desdroits linguistiques en Haïti. Éditions duCidihca (Montréal) et Centre œcuménique des droits humains (Port-au-Prince).Voir également mes autres textes en ligne sur le site www.berrouet-oriol.com