GWOCHANTYE SOU KESYON TRADIKSYON
NANLANG KREYLAYISYEN
AnbaplimRobert Berrouët-Oriol
Lengwis-tèminolog
Montréal,18 janvye 2015
Tradiksyonkreyòl : anba plimClaude Berrouët,lengwis
Ottawa,18 février 2015
Tradiksyon nan lang kreyòl ayisyen an ta vle sanble deplasmanyon sòlda k ap kouri pye atè sou yon teren chaje ak eksplozif, k ap degaje lifè sa li kapab. Si gen anpil moun bileng, ki konnen franse ak kreyòl, ki ta vlefè ou konprann ou pa ka fè « erè » nan ekriti kreyòl, menm jan an ou pa ka retekonsa pou di ou kapab tradui nan lang kreyòl paske lang kreyòl se pa ou li ye.Eske li posib jounen jodi a pou nou rive idantifye eleman esansyèl pou sèvis tradiksyonnan peyi dAyiti ? Ki karakteristik jeneral yon tradiktè ki ap travay sou yonbaz pwofesyonèl ? Nou tradui soti nan ki lang al nan ki lang anjeneral ? Èskegenyen, nan peyi dAyiti, yon enstitisyon ki bay yon fòmasyon dirèk nan tradiksyon? Nan dokiman sa a n ap chèche wè dapre premye gwo travay ki fèt nan domèntradiksyon an si n ap kapab reponn kesyon nou sot poze la yo. N ap chècheidantifye tou enpi analize kèk pwoblèm ki poze nan zafè tradiksyon. Apre sa, na bay kèk lide pou devlopman yon fòmasyon akademik ak pwofesyonèl.
1. An nou gade nan kikontèks aktivite tradiksyon ap fèt
Tradiksyon defason jeneral, oswa tradiksyon teknik ak syantifikan kreyòl ayisyen ap soufri paske manke fòmasyon nan domèn nan parapò akenstitisyon nou yo. Pwoblèm tradiksyon soti nan yon lang (L1) (franse) al nanyon lòt lang (L2) (kreyòl ayisyen) klè nan egzanp sa a nou jwenn nan yon anons pouyon ekspozisyon ki te fèt nan Monreyal : « Ayitien scène – samedi 10 janvier. Conférences, kiosques et diverses activités sontprévues. Participez au vernissage de Casquenoir / Kas nwa ki fèt an Ayiti, réalisée par des jeunes créateurshaïtiens et québécois de 12 à 18 ans, dans le cadre d’un vaste projetpédagogique et artistique de mutations urbaines.1» Jananons la fèt la se pa sèlman yon kesyon sou òganizasyon entèn pwodiksyon an (tradiksyonelèv ki nan lekòl segondè fè oswa ki se travay tradiktè pwofesyonèl): n apanalize tradiksyon ki fèt la enpi ki pibliye casque noir / *kas nwa ki fèt ann Ayiti, parapò ak kontèks jeneral tradiksyon nan Kebèkak nan peyi dAyiti.
1.1. Si nap gade Kebèk, aktivite tradiksyon nan direksyon lang franse, depi karant laneki sot pase yo, se yon aktivite ki estriktire anpil soti nan fòmasyon inivèsitèespesyalize nan twa nivo yo rive jis nan estaj pratik nan biznis yo ak nan asosyasyonpwofesyonèl yo. Se konsa, Ordre destraducteurs, terminologues et interprètes agréés du Québec (OTTIAQ), ki gen2000 manm, genyen kòm misyon pou li wè si tout manm li yo gen konpetans akeksperyans pwofesyonèl nesesè nan domèn tradiksyon, tèminoloji ak entèpretasyon2. Konpetans ak eksperyans pwofesyonèl se nannansistèm fòmasyon inivèsitè pou ki fè tradiksyon se yon metye ki mande rekonesans,kapasite pou fè travay tradiksyon an. Tradiktè yo travay men nan men ak tèminològenpi rezilta travay yo parèt sou fòm leksik, vokabilè, glosè oubyen ankò nanyon bank done tèminolojik. Twa pi gwo bank done tèminolojik nan peyi Kanada se TermiumPlus (bank tèminolojik gouvènman Kanada),GDT(gwo diksyonè tèminolojik Officequébécois de la langue française) ak Juriterm (bank tèminolojik sou Common Law, yon sistèm dwa komen, sa vledi règ jeneral ou kapab mete an pratik nan tout sikonstans, Inivèsite Monktonn).Twa gwo bank sa yo, ou kapab konsilte yo jan ou vle, yo gratis, depi ou konnsèvi ak òdinatè.
1.2. Nan peyi dAyiti,aktivite tradiksyon ki fèt nan direksyon lang kreyòl pran tout kalite fòm enpiyo pa konnen l byen. Premye tradiksyon oral (ojis se plis entèpretasyon) mandenou al chèche byen lwen ditan kolonizasyon peyi Lafrans enpi petèt yo te chitaanpil, sitou apre 1804, sou zafè komès ak machin endistriyèl yo te jwenn nan granplantasyon yo te remete sou pye. Achiv nasyonal pa te gen anpil dokiman anvanyo te vin modènize l. Se sa ki eksplike ou pa jwenn tras okenn aktivitetradiksyon ki te fèt. Anjeneral jiskapeprè lane 1987, tradiksyon nan langkreyòl te rete yon zafè pèsonèl otodikdat. Se kèk tradiktè jeneralis, ki poko tefòme yon asosyasyon pwofesyonèl, men ki te vrèman jete baz tradiksyon kreyòl,san okenn diplòm kèlkonk, yo te fè jefò pou yo te ka jwenn mo ekivalan oswa nanlang franse, osinon nan lang kreyòl. Se pou sa, ofiyamezi, yo te tradui nan langkreyòl divès kalite tèks (menm fab La Fontaine yo) toudabò nan òtografetimolojik franse, enpi apre nan òtograf ofisyèl kreyòl la. Poutèt nou pa gendokiman nou kapab konsilte, li prèske enposib jounen jodi a pou nou mezire nanki degre vreman aktivite tradiksyon te fèt soti nan lang angle ak lang espayòlrive nan lang kreyòl ak lang franse, patikilyèman depi 1987. Menm si yo sètifyenou anpil anbasad ak plizyè ajans koperasyon peyi etranje pase anpil kòmand tradiksyonregilyèman nan lang kreyòl ak nan lang franse, piske pa gen okenn dokiman noukapab konsilte, li vin difisil anpil pou nou ta fè yon evalyasyon metodik souaktivite tradiksyon an. Dapre sa m konnen, domèn tradiksyon nan peyi dAyiti pagen okenn ekivalan tankou « Kolèj nasyonal enjenyè ak achitèk ayisyen »; poutandepi karant lane ONG fin pran peyi a gen yon bon valè tradiksyon (nou pa konnenki kantite egzakteman) ki fèt soti nan angle ak franse rive nan kreyòl. Yoneglije travay tradiksyon anpil nan fòmasyon inivèsitè ak pwofesyonèl.
Se konsa Inivèsite Kiskeya ofri depi 15 lane « Lang ak entèpretasyon», nan yon pwogram kout ki bay yon sètifika nan kad pwogram Fakilte syansledikasyon. Li ofri tou yon lòt pwogram kout « Fransè ak kreyòl » (sic), men kontnipwogram sa yo ki planifye pou 14, 15, 16, 17 ak 18 janvye 2015, pa disponib sousit3 entènèt inivèsite a. Poutèt kontniki nan « Kou sou entènèt » sa yo ak pwogram Fakilte syans ledikasyon pa tedisponib sou entènèt, li yon ti jan difisil pou nou apresye ki konesans ki transmèt,menm jan tou li enposib pou nou konnen ki valè etidyan ki resevwa diplòm nanpwogram sa yo depi 15 lane enpi ki debouche yo jwenn nan domèn tradiksyon pwofesyonèl.
Nan nivo fòmasyon Inivèsite, nou kapab di san patipri se yonechèl enstitisyonèl nan Fakilte lenguistik applike Inivèsite Leta Ayiti (FLA). Nanpremye nivo a, enstitisyon sa a gen yon pousantaj trè ba etidyan ki resewadiplòm. Selon enfòmasyon nou genyen, pandan kat lane ki sot pase la a, apeprè karantetidyan resevwa diplòm yo apre yo fin prezante memwa sòti yo. Sant lenguistikaplike (ki te fonde nan 1978) ki te vin tounen Fakilte lenguistik aplike (FLA)pa gen, pa te janm mete anplas, pendan kat lane ki sot pase yo, yon bon pwogramtradiksyon, ak tèminoloji, redaksyon syantifik ak teknik bileng. Sa nou tekonstate souplas sèke enstitisyon sa a4,tankou 2 lòt fakilte Inivèsite leta Ayiti yo, pa bay peyi a ankenn pwofesyonèllang tankou didaktisyen. Pi lwentoujou, li pa fòme pwofesyonèl nan domèn tradiksyon tèmiloji, oswa redaksyonteknik ak syantifik peyi dAyiti bezwen toutbon. Pou renome ak byenfondeenstitisyon sa a nan domèn lang, li ta merite yon bon pase men ladan li, piskeapre kat lane yon ansèyman jeneral nan premye nivo, etidyan FLA pa soti ak yondiplòm espesyalize. Yo pa ni lenguis, ni tradiktè, ni tèminolog, ni redaktèteknik ak syantifik. Nan yon anbyans konsa, li fasil pou yon moun konstate FLApa pibliye anpil liv syantifik tankou diksyonè, Leksik, oswa yon lis patikilyesou bank done franse-kreyòl. Pou nou fini, nou dwe konstate metye tradiktè aantan yon metye ou aprann nan inivèsite ak nan pratik ou fè nan enstitisyonpoko egziste nan FLA tankou nan lòt rezo inivèsite ayisyen sektè prive a.
2. Pou yon modèltradiksyon nan lang kreyòl
Kisa yon moun ka di lè l ap gade sèvis tradiksyon nan peyi dAyiti? Apa kèk grenn tradiktè pwofesyonèl ki te etidye nan peyi Etazini, tradiksyon annAyiti pa fèt sou yon baz syantifik nan lang kreyòl, ki se lang vize a; depi nankòmansman se dezoutwa grenn moun san fòmasyon patikilye nan yon machetradiksyon ki pa estriktire ditou. Si n ap gade anjeneral tradiksyon nan lang kreyòlla pandan XXè syèk la se teyon tradiksyon ki pa te espesyalize, se te moun ki te enterese nan zafè kreyòlki te eseye fè tradiksyon; pi fò ladan yo te travay sou tradiksyon Labib. Tradiksyonsyantifik te koumanse lontan apre vè lane 1980 enpi li te kontinye apre lèanpil ONG koumanse anvayi peyi a. Sa vin kreye yon demand pou tradiksyon ki edemete anplas yon mache tradiksyon pou lang vize yo, franse ak kreyòl. Konsa, aktyèlman,sou 561 ONG5 ki pote èd imanitè, Letaayisyen kalkile gen 300 ONG k ap travay nan sektè sante a. Twaka enstitisyon sayo se enstitisyon entènasyonal oswa enstitisyon ki depann sou entènasyonal; seyo menm k ap bay travay nan domèn tradiksyon an paske kliyantèl y ap sèvi a, kliyantèly ap bay swen an se yon kliyantèl kreyolofòn.
Rapò ki genyen ant òtografkreyòl ak tradiksyon se yon rapò fonksyonèl ki egziste lontan anvan pwosesistradiksyon an. Se poutèt zafè preche levanjil, bezwen konvèti ayisyen ki pouseyon pastè pwotestan peyi Iland, vè lane 1940 yo, yo rele Ormonde McConnell akyon edikatè ameriken, Frank Laubach, ki espesyalize nan kesyon alfabetizasyon,yo devlope yon òtograf kreyòl ayisyen selon alfabè fonetik entènasyonal la (yorele li API). Nou pa rive jwenn ankenn tèks ki ekri nan lang kreyòl selonalfabè sila a. Yon lòt bò, plizyè tradiksyon nou jwenn nan dokiman ekri se te pèkatolik ak pastè pwotestan ki te vle mete Labib nan lang kreyòl pou tout fidèlyo depi nan lane 1927. Gen lòt travay nan tradiksyon ki pi ansyen toujou. Soukesyon sa a, n ap jwenn lenguis Marie-Christine Hazaël-Massieux, ki te fè yonetid li rele « La traduction de la Bible en créole haïtien : problèmes linguistiques,littéraires et culturels6 ». Nanetid sa a li di nou, nan 19è syèk, tradiksyon « La parabole de l’enfant prodigue » (parabòl ti gason ki te kite kaypapa li epi ki te tounen apre) te fèt nan plizyè vèsyon (kreyòl ayisyen vè1818, vè 1830 ?). Ronald Charles li menm,ki te ekri « Préjugés linguistiques dans différentes traductions bibliques en créolehaïtien7 » enpi ki ap prepare yon doktora nan etidLabib, nan Inivèsite Towonto, ba nou yon seri dat kwonolojik enteresan sou zafètravay tradiksyon Labib nan lang kreyòl ayisyen. Men seri dat yo m ap prezantenou pou mwen kapab fè konprann enpòtans demach ki fèt nan premye gwo travaytradiksyon nan lang kreyòl ann Ayiti, travay sou Labib :
« 1927 : Premye tradiksyon kreyòl nètale yon liv Labib se: Elie Marc, Évangile à notre Seigneur Jésus-Christ selon Saint Jean. Li enteresan pou nou konstate tradiksyon sa a nan fason misye ranje fraz yo eseye vanse pi pre jan moun nan Nò pale; misye evite yon gwo fopa nan fason li tradui femme nan kreyòl ayisyen.1939 : Alyans Ayisyen nan New York te ekri pou sosyete Labib ameriken pou l te di yo gen ijans pou tradui Labib nan kreyòl ayisyen. 1944 : Sosyete Labib ameriken pibliye levanjil selon sen Lik; pita yo va pibliye lòt liv Nouvo testaman. 1951 : Sosyete Labib ayisyen pibliye premye tradiksyon tout nouvo testaman an nan kreyòl avèk sòm yo. Tèks la chaje ak tout kalite entèferans men entèferans mòfo-fonolojik (konbinezon fòm ak son lang kreyòl la) sa yo fè resòti prejije lenguistik enteresan. 1960 : Sosyete Labib ameriken pibliye edisyon nouvo testaman pa li ak sòm yo nan kreyòl. Vèsyon sa a se yon tradiksyon mo pou mo enpi li gen anpil twou sou kesyon leksik, sentaks ak mòfo-fonolojik. Se yon vye imitasyon franse mo pou mo, ki chita sou Labib Louis Segond (1958);1960 : Jean Parisot, yon pè Katolik, te pibliye L’Evangile chaque dimanche. Parisot te eksplike sa li te vle fè : « tradui pawòl Bondye a tou senpleman nan vèsyon orijinal, nan bon kreyòl pale ki koule tankou dlo, yon kreyòl ki vivan pou fidèl ki nan mòn yo ka konprann (Se Parisot ki di pawòl li);1962 : piblikasyon Evanjil dimanche ac Fêtt (Yves ak Paul Dejean). Sa yo di pou koumanse se te « abiye pawòl Bondye a ak bon jan kreyòl » Entwodiksyon an te ekri nan lang franse. Chwa de frè yo se te jwenn yon fason tout moun kapab konprann. 1966 : Piblikasyon 4 ti liv levanjil yo (Yves ak Paul Dejean)1974 : Pè Frantz Colimon Pibliye Nouvo Testaman ak Sòm yo. Men pa gen anpil lide nou kapab jwenn sou prezantasyon achevèk Pòtoprens, F. W. Ligonde, te fè sou vèsyon sa a. Pè Colimon, otè a, pa di nou ki metòd tradiksyon li te swiv ni ki objektif li te vle atenn ak tradiksyon sa a.1975 : Piblikasyon Bòn Nouvèl pou tout moun. Se yon vèsyon ki ekri selon apwòch « ekivalans dinamik » la 8.1985 : Premye piblikasyon tradiksyon tout Labib la nèt an kreyòl ayisyen. Bib la, paròl Bondié an Ayisyen se yon travay yon ekip ki te rasanble moun ki p a te panse menm jan (ekimenik) menm si pwotestan te sanble gen plis enfliyans. Sa ki fè fòs vèsyon sa a sè ke li chèche rann yon fason natirèl ak modèn sa ki te di nan tan lontan. Revizyon ki te fèt nan lane 2000 se yon adaptasyon tradiksyon Bib la nan nouvo òtograf òfisyèl 1980 an. 1996 : Piblikasyon Bib kreyòl la. Tradiksyon Kèk liv nouvo testaman ki te fèt sou sipèvizyon Bibles International, yon sosyete Labib anba Baptist Mid-Missions.
2.1. Metòd pou fètradiksyon
Linguis Marie-Christine Hazaël-Massieux, nan yon etid li tefè « Latraduction de la Bible en créole haïtien : problèmes linguistiques, littéraireset culturels », pwopoze yon apwòch pou eksplike kouman yo fètradiksyon. Men sa li te pwopoze :
2.1.1. « Mete mo franse nan kreyòl(transpozisyon pou kreye yon mo [kreyòl]. Konsa ou aplike senpleman règ fonolojik – ou ekri li tousenpleman parapò ak mo franse a9.
Apôtres : zapòt
Disciples : disip
Pharisiens : farizyen
2.1.2. Tradiksyon mopou mo [sa yo rele kalk laOu tou senpleman ekri nan kreyòl sa yo di nan lang sous la tankou« chien chaud » pou hot dog
Ils étaientà couteaux tirés : yo te a kouto tire = olye pou yo ta di : yo telenmi oswa yo pa t zanmi menm.
2.1.3. Yon gwoup mo pou eksplike yon mo [Perifraz : nou ranplaseyon mo avèk plizyè mo ki bay sans mo a] :
Jour des azymes : jou fèt pensan leven an
Pâques : fèt delivrans (fètki selebre lè ebre yo ap kite peyi Ejip)
Résurrection : lè mò yo vagen pou leve
Païen : moun ki pa jwif
Boucliers : plak fè pwotèj
Les justes : moun k ap machedwat devan Bondye
2.1.4. Adaptasyonselon sitiyasyon an (kilti lokal) :
Holocauste : boule, sakrifis nan san
Lentilles (deJacob) : pwa wouj, sòs pwa wouj
Deniers : goud = gourdes (lajan peyi dAyiti) ».
2.2. Diskisyon ak analiz
Lane 1987 se sètènman yon gwo dat nan listwa tradiksyon nanpeyi dAyiti etandone se nan mwa mas lane 1987 Ayisyen vote nan yon referandòmkonstitisyon 1987 la ki rekonèt kreyòl tou kòm lang ofisyèl peyi a. Se vre,apre 1986, dat dechoukay gouvènman anplas la, tout moun t ap tann pou yo tekapab « pale san baboukèt ». Konsa, li fèsans pou kreyòl, ki vin gen lejitimite nan lane 1987 kòm lang ofisyèl, egzèseyon gwo enfliyans sou devlopman enstitisyonèl lang kreyòl la ak sou aspèjeneral domèn tradiksyon an ann Ayiti. Yon sondaj sosyolenguistik ta kapab fè nou wè pi klè, fè yon tabloestastitik enpi fè nou wè ki gwo travay ki te fèt soti nan 1987 jiska jounenjodi a.
Pi bonegzanp nou chwazi nan koumansman etid sa a, se fraz Casque noir / *kas nwa ki fetan Ayiti, ki gen ladann fòm kreyòl yon mo franse (« kas nwa ») kiplase nan yon perifraz « * ki fet an Ayiti »). Nan tradiksyon fraz sa a,ekivalans * kas nwa ki fet an Ayitipa koresponn (*) pou plizyè rezon piske nou pa kapab valide chak sèm (pi pitieleman nan fraz ki gen yon sans) kòm yon ekivalan ininosyonèl (ki pote sou yonsèl nosyon) yon mo. Si se vre nou ka jwenn kas nwa, jòn, wouj nan divès domènaktivite, sitou sou chantye konstriksyon, nan kontèks pa li « casque noir » nananons la se non yon pwojè yo rele konsa nan franse enpi se yon pakèt jenn nanMonreyal k ap travay sou pwojè a. Ekivalan kreyòl yo bay la « kas nwa » pa vledi anyen nan reyalite sosyolojik konkrè kreyolofòn ayisyen an; mo « Kas » la sepa yon mo yo di oubyen tande toutan nan bouch ayisyen k ap pale. Poutan, lè nougade byen, nou jwenn sòlda ansyen lame okipasyon andedan peyi a(Forces arméesd’Haïti) te konn mete kas. Nan konvèsasyon yo, yo te deja konnen « casque » tap tounen « kas ». Menm jan tou, manm divès gwoup represif Polis nasyonal Ayiti(CIMO, ekip SWAT, elatriye) gen kas espesyal pou manifestasyon vyolan, sa kivle di mo « kas » la antre nan vokabilè ajan lapolis yo menm jan yo sèvi avèkli sou chantye konstriksyon. Ajan lapolis ki kreyolofòn ap di alòs « kas polisye a », travayè sou chantye yoap di « kas sekirite a ». Ekspresyon « kassekirite a » sanble li mache ak sistèm lang nan kote nou jwenn yon [non +adjektif + yon detèminan], tankou ekspresyon « rad wouj la ». Ekspresyon « kas polisye a » sanble fòme ak 2 nonansanm [non + non + detèminan].
Metòd tradiksyon ki sèvi ak perifraz kòm ekivalan yon mo seyon metòd anpil tradiktè sèvi avèk li si ou ap gade sa lenguis Marie-ChristineHazaël-Massieux di sou kesyon an (retounen gade egzanp paragraf 2.1.3). Sa seyon fason fasil, nou dakò, men li fè nou wè yon bezwen enpòtan : mankevokabilè pou nou di sa nou ta renmen di, pou nou bay reyalite a jan nou wè l laoubyen ankò pou pale sou yon bagay ki nouvo, yon lòt kilti, nan kreyòl lakay.Nou p ap defann kesyon vokabilè ki pa devlope nan lang kreyòl oswa kreyòl ki pagen kapasite pou li rann yon seri reyalite jan kèk obsèvatè ta vle fè nou kwè.Lè yon reyalite, yon sitiyasyon pa egziste nan yon sosyete, li p ap chèche mopou li eksplike reyalite a. Enben, nan lane 1927, lè yo tradui tout Labib lanètale nan kreyòl ayisyen, pa te gen òdinatè lè sa a; kreyòl pa te enteresejwenn yon mo pou li bay zouti a. Konsa tou, lè òdinatè pou biwo ak òdinatèpòtatif koumanse antre nan peyi a, pou nou fè tradiksyon nou koumanse ap pretemo, fè adaptasyon, pou nou bay òdinatè a yon non, biwo kote li ye a yon non,tout pyès nou jwenn andedan aparèy la. Se prèske tout vokabilè ki mache akòdinatè nou koumanse ap devlope soti nan lang sous la L1 (franse, angle,panyòl) rive nan lang vize a L2 ki se kreyòl aysisyen. Se konsa kreyolofòn nanva di « konpyoutè oswa konpitè », « sibèkafe »oswa « kafe entènèt », yon seri ekspresyon ki pa te egziste anvan òdinatèrive nan peyi dAyiti. Tankou tout lang natirèl, kreyòl se yon lang ki ouvè kikapab jwenn andedan sistèm pa li a fason pou li pale sou yon reyalite ki nouvo.Nou sonje ki jan ekspresyon « chouk (bwa) » vin bay nan derivasyon « dechouke »,« dechoukay », « dechoukè », « dechoukèz ». Pandan nou fin di sa la a, noukapab gade kounye a kèk difikilte nou jwenn nan tradiksyon gras ak kèk egzanpnou rale nan yon seri eleman nouvo.
Nan yon éditoryal piblikasyonHaïti perspectives prentan 2013 nanMonreyal, « L’ISTEAH : faire de lascience et de la technologie les moteurs du développement d’Haïti10 » yotradui nan kreyòl sou tit « ISTEAH : fèlasyans ak teknoloji tounen motè devlopman Ayiti », m jwenn plizyè difikilte nan tradiksyon li enpòtan poum fè moun wè. Nan pati franse-kreyòl nou pran nan editoryal la enpi nou prezante pi ba a, nap konstate tradiktè pa te gen pwoblèm pou li tradui eleman tèminolojik11 premye nivo yo tankou « théorie classique » =« teyori klasik », « libéralisme économique » = « liberalis ekonomik », ekspresyonkreyòl moun ki pale franse ak kreyòl (de lang) moun ki pase lekòl ap konprannsan pwoblèm etandone metòd tradiksyon ki sèvi ak kreyolizasyon mo franse yo sepou moun sa yo yo ekri. Difikilte koumanse parèt lè pou tradiktè mete nankreyòl eleman tèminolojik tankou « allocationsbudgétaires » ki se yon nouvo konsèp oubyen ki chita sou yon reyalite piabstrè, pi entelektyèl, ou pa jwenn nan ankenn diksyonè kreyòl. Lè sa atradiktè sèvi avèk Kalk, tradiksyon mo pou mo. Li sèvi ankò avèk fason fasil lapou anpil tradiktè, perifraz. Lè nou mete fasafas pati nou retire nan editoryalla, vèsyon franse ak vèsyon kreyòl la, nou wè degre difilkite tradiksyon anpoze lè n ap gade mezi mo nou prete nan lòt lang ak perifraz. Analiz m pwoipozenou la a li akseptab pou tout tradiksyon kreyòl nou jwenn nan piblikasyon Haïti perspectives.
« RENFORCER LES CAPACITÉS DES UNIVERSITÉSHAÏTIENNES
L’enseignement universitaire se distingue des autresniveaux du système éducatif par l’obligation de produire des connaissances
nouvelles. C’est cela sa mission première. Uneuniversité où l’on se contenterait de retransmettre un certain savoir sans luiajouter de la valeur ne jouerait pas pleinement son rôle. De fait, là où il nese fait pas de recherche, le caractère universitaire de l’enseignement estsouvent remis en cause. Or, force est de constater qu’il existe aujourd’huitrès peu de programmes de recherche établis dans les établissementsuniversitaires haïtiens. Les allocations budgétaires pour la recherche sontquasi inexistantes dans les universités publiques et la situation n’est pastrès différente dans les universités privées, pratiquement pour les mêmesraisons : allocation budgétaire inexistante ou insuffisante, mission del’université insuffisamment définie, manque d’articulation avec les milieux socioéconomiques.Cela dit, certaines activités de recherche se réalisent néanmoins de façonsporadique sous forme d’études, de recherche appliquée ou de recherche-actionfinancéespour la plupart par des organismes internationaux.
RANFÒSEKAPASITE INIVÈSITE AYITI YO
Ansèyman nan nivo inivèsite pa menm ak ansèyman nanlòt nivo sistèm edikasyon an, paske nan nivo inivèsitè a, fòk genyen kreyasyonnouvo konesans. Se sa ki premye misyon inivèsite yo. Yon inivèsite, ki kontanteli senpman pou bay konesans san li pamete nouvote ladan, pa pe vrèman jwe wòl li sanpou san. Alaverite, kote ki pagenyen rechèch ki ap fèt, moun ka toujou poze anpil kesyon sou karaktèinivèsitè ansèyman an. Poutan, reyalite a montre nou, jounen jodi a,pwogram ki genyen rechèch ladan yo anndan enstitisyon inivèsitè Ayiti yo pitianpil. Pa gen lajan ki disponib pou fè travay rechèch nan inivèsite piblikAyiti yo. Se menm sitiyasyon an ki ekziste nan inivèsite prive yo, poupratikman menm rezon yo : pa genyen lajan disponib pou fè rechèch, oubyen lajanki genyen an pa ase,misyon inivèsite a pa byen defini, epi pa genyen lyen ant inivèsite yo ak anviwònmansosyo-ekonomik yo. Alaverite, nou dwedi genyen kèk aktivite rechèch ki fèt raman, sou fòm etid, rechèch aplikeoubyen rechèchaksyon. Se òganizasyon entènasyonal yo ki plis finanse yo. »
Si nou egzamine byenvèsyon kreyòl piblikasyon Haïtiperspectives la, lektè ap reyalize touswit nivo lang tèks la, yon fòm ekriki raple adaptasyon mo pou mo, san ou pa jwenn relasyon konsèp oswa nosyon antmo franse yo ak mo kreyòl yo, san nou pa bliye zafè tradiksyon ak perifraz. Fò nou konprann perifraz pa banou relasyon nosyon oswa konsèp ki ta dwe egziste ant L1 ak L2. Kididonk, chaktradiktè ta gen dwa pwopoze perifraz pa li pou li eksplike yon nosyon nan langvize a, ki se kreyòl, sa ki pa t ap pèmèt nou janm jwenn sans (semantik)veritab nosyon an pou koumanse. Se konsa « caractère universitaire de l’enseignement» ki vin bay « karaktè inivèsitè ansèyman an » pèdi tout sans li. Sou kesyonsemantik la, tradiksyon sa a egal zewo. « Semantik zewo » a vle di mo oswa ekspresyonpèdi tout sans li lè li soti nan lang sous la (L1) pou li rive nan lang ki vizea (L2). Se yon feblès nou jwenn kay tout tradiktè dyaspora ak ann Ayiti. Sa vledi ekspresyon konplèks « karaktè inivèsitè ansèyman an » pavle di anyen an kreyòl; se pa mete mo kreyòl youn akote lòt ki yon ti jan genmenm son an (fonetik) ak son lang franse k ap pèmèt nou konstwi sans oswa jwennyon eleman tèminolojik ki pote sou yon sèl nosyon. Prèske tout tradiksyon kinan piblikasyon Haïti perspectives toupre« semantik zero » a; pati nou sot analize avèk nou la montre sa byen. Nou dwekonprann lè n ap tradui soti nan yon lang rive nan yon lòt, n ap tradui nan yonnivo lang ale nan yon lòt nivo lang, san nou pa bliyetradiksyon an nan on kontèks detèmine (kontèks kote ou pa gen ankenn zoutitravay tankou diksyonè oswa bank ransèyman tèminolojik franse-kreyòl).
Ak « semantik zewo », nou kanpe lwen oswa nou pèdi veritabsans mo a soti nan lang sous la rive nan lang ki vize a. Annou pran egzanp « allocationbudgétaire inexistante ou insuffisante » ki nan domèn kontabilite, li pèdi tout sans li nan tradiksyon yo bay « pa genyen lajan disponib pou fè rechèch,oubyen lajan ki genyen an pa ase». Ekspresyon « lajan disponib » pa yon ekspresyon senp enpi se pa yon bontradiksyon pou nosyon kontabilite « allocation budgétaire »;kreyolizasyon ekspresyon an ki ta bay « alokasyonbidjè » ta fè sans sou plan lenguistik. Annou gade kounye a pati fraz ki di« certaines activités de recherche se réalisent néanmoins de façon sporadique ». Mo« sporadique» la vle di ki pa « regilye, ki fèt detanzantan ». Tradiksyon yo fè a vle dipito lekontrè « genyen kèk aktivite rechèch ki fèt raman », raman vledi ki fèt yon fwa konsa. Sans la pa menm piske « sporadique » vle didetanzantan. Yon lòt pwen ankò, « semantik zewo » nou wè li ankò nan pati frazsa a : « mission de l’université insuffisamment définie, manqued’articulation avec les milieux socioéconomiques » = « misyon inivèsite a pabyen defini, epi pa genyen lyen ant inivèsite yo ak anviwònman sosyo-ekonomikyo ». Ekspresyon « manque d’articulation » endike yon mankman nan « rapò divèseleman yo », li pa vle di ditou « rapò pa egziste » tankou fraz « pa genyen lyen » ta vle fè nou konprann.
3.Pou fini
3.1.Analiz difikilte nou idantifye nan divès dokiman ak nan piblikasyon Haïti perspectives ankouraje m fè yonpwopozisyon jeneral, sou kesyon metodoloji, pou tout moun ki angaje nantradiksyon nan kreyòl ayisyen. Mwen pwopoze pou nou pa sèvi ak metòd tradiksyonki itilize perifraz (yon fraz ki eksplike yon mo) men pou tradiktè yo itilizepito metòd « kreyolizasyon » mo oswaekspresyon y ap tradui a. Egzanp: « ordinateur » yo tradui « machin ki pèmètnou fè tretman tèks », si nou kreyolize mo « ordinateur », l ap ba noutousenpleman « òdinatè» san nou pa bezwen fè yonperifraz. Kreyolizasyon mo nou vle tradui a gen avantaj pou li ba nou yonekivalan san nou pa bezwen fè perifraz. Se sitou lè n ap prete mo nan yon lòtlang metòd kreyolizasyon ap itil anpil. Lenguistik istorik ba nou anpil egzanpkote lang natirèl yo, tankou kreyòl, prete anpil mo nan lòt lang. Yo prete, yodevlope yon fason pou yo prete, enpitou nenpòt ki lang kapab yon jou, selonsitiyasyon an, selon kilti a, prete mo nan rezèv « bazilektal » li (lang yonklas defavorize yon kominote lenguistik pale) ou « mezolektal » li (ou preteandedan lang nan) tankou lang nan gen dwa al prete nan yon lòt lang poureksplike reyalite toulejou, yon reyalite k ap chanje oswa reyalite tounèf. Nou rele fenomèn sa a « adopsyon lenguistik »ki vle di : « yon mwayen itilizatè yon lang adopte nètale ou amwatye yoneleman oswa yon karakteristik lenguistik (leksik, semantik, mòfoloji, sentaks) nanyon lòt lang. Mwayen sa a kote nou prete eleman nan yon lòt lang genyen sa nourele kalkla sètadi nou fè transfè sans mo ak tradiksyon moa. Kalk vle di tou eleman nou prete a (inite oswa karakteristik lenguistik)12 ». Men yon egzanp nou jwenn nan SAKS13(Sosyeteanimasyon ak kominikasyon sosyal) k ap travay ann Ayiti nan domèn kominikasyonsosyal : ekspresyon « émetteur-diffuseuractif » vin bay nan kreyòl « emetè-difizèaktif ». Men kontèks kote nou jwenn ekspresyon sa a : « Tout a commencé en 1992, lorsqu’un groupe deprofessionnels haïtiens décide de créer SAKS, suite à une étude réalisée sur laréalité de la communication et le paysage médiatique en Haïti : unecommunication à sens unique avec un émetteur-diffuseur actif face à un public-récepteur passif. »Tradiksyon kreyòl « emetè-difizè aktif »ki rete sou menm plan semantik ekpresyon franse a p ap pèmèt yon kreyolofònkonprann sa li vle di. Se sèl moun ki pale franse ak kreyòl, ki bileng, k aprive konprann li. Men paske li pase nan radyo toutan, petèt kreyolofòn ap finipa konprann yon jou.
3.2.Lè m ap gade dokiman ekri m te egzamine a, m pa te jwenn ankenn neolojis(mo nouvo, ni nan fòm ni nan sans) ki te enteresan enpi ki te montre yon lesprikreyatif. Moun k ap ekri (redaktè) ak tradiktè nan lang kreyòl pa travay soukesyon kreyasyon neolojis petèt paske tradiksyon syantifik ak teknik kreyòl seyon bagay ki fèk ap koumanse. Si nou dakò yon lang anjeneral kapab pèmèt anpilkreyasyon mo nouvo, se sitou nan domèn syantifik ak teknik n ap rive jwenn neyolojis.Jan nou wè li a sa mande fòmasyon inivèsitè ann Ayiti.
Selon dokiman mwen gen nan menm, pa gen ankenninivèsite ann Ayiti ki genyen konpetans entelektyèl ak akademik nesesè pou yobay yon fòmasyon nan domèn tradiksyon. Kididonk, yon fòmasyon inivèsitè nanpremye ak dezyèm sik nan tradiksyon ap oblije fè yon alyans ant Fakilte lenguistikaplike ak inivèsite prive yo (sitou avèk UNIQ). N ap oblije mete resous yo ansanm lè gen fòmasyon k ap fèt nan enstitisyon sa yo.
Pou tradiksyon vin yonmetye, l ap nesesè pou nou tabli yon pwogram jeneral pou fòmasyon nan domèntradiksyon syantifik ak redaksyon teknik k ap mache selon sa peyi a bezwenenpitou kote tradiksyon nan lang kreyòl ap jwenn anpil sipò. Pwogram fòmasyoninivèsitè sa a ap oblije, vè lane 2020-2025, bay peyi moun ki maton nan lang(langajye) ki kapab chita pou yo ekri liv nan kreyòl sèlman tankou leksik akdiksyonè franse-kreyòl (oswa tou angle-kreyòl, panyòl-kreyòl).
Enstitisyon patnè ki pralfòme yon alyans pou fòme tradiktè ap oblije bay aktivite koperasyonentènasyonal yo yon lòt oryantasyon pou yo fasilite echanj ak estaj fòmasyonselon bezwen peyi a. Fòk nou prevwa toudabò fòmasyon yon enstitisyon pwofesyonèlnou ta ka rele « Asosyasyon pwofesyonèltradiktè ayisyen », defason pou genyen yon rapò ki egziste ant fòmasyoninivèsitè ak mache tradiksyon nan peyi a.
Si inivèsite Ayisyenyo rive fòme tradiktè pwofesyonèl anrapò avèk sektè prive ak administrasyonpiblik enben Ayiti va benefisye devlòpman yon mache ki byen òganize nan domèntradiksyon an. Selon vizyon yon « amenajman lenguistik » m defann anpil nanpiblikasyon m yo14 , Leta gen yon wòlenpòtan pou li jwe nan ajansman fonksyonèl fòmasyon pou koresponn ak bezwen devlopmanlang kreyòl la. Devlopman yon mache tradiksyon ki byen chita ann Ayiti ap reprezanteyon eleman enpòtan pou pwodiksyon liv pou tout moun ki konn kreyòl sèlman tankouliv bileng franse-kreyòl sou lasyans (oswa angle-kreyòl, panyòl-kreyòl). Mpa kache di nou, sa a se yon kokenn defi.
NOTES
1.La Tohu,Montréal, 10 janvier 2015 : http://tohu.ca/fr/programmation/exposition/2014-2015/casque-noir/
2.2. Al gadesit OTTIAQ la : http://ottiaq.org/a-propos-de-lordre/mission-et-histoire/
3.3. Menadrès sit entènèt Inivésite Kiskeya (Fakilte syans ledikasyon) : http://www.uniq.edu.ht/fsed/index.php//s
4.Ou vajwenn yon prezantasyon sou misyon Fakilte lengwistik aplike sous sit entènètInivèsite leta Ayiti : http://www.ueh.ht/facultes/fla.php
5. Claude Bernard Sérant. « Cartesur table pour une meilleure coordination des ONG du secteur de la santé enHaïti », Nouvelliste, 29 janvye 2014 :http://lenouvelliste.com/lenouvelliste/article/126815/Carte-sur-table-pour-une-meilleure-coordination-des-ONG-du-secteur-de-la-sante-en-Haiti.html
6. Marie-Christine Hazaël-Massieux (2006). « La traduction de la Bible en créole haïtien: problèmes linguistiques, littéraires et culturels », dans Présenceshaïtiennes, Université de Cergy-Pontoise
7. Ronald Charles (2009). « Préjugés linguistiques dans différentes traductions bibliques en créolehaïtien », dans Créolica (piblikasyonGroupe européen de recherches en langues créoles), Paris
8.Sou kesyon« ekivalans dinamik » la, al gade nòtRonald Charles nan « Préjugéslinguistiques dans différentes traductions bibliques en créole haïtien » :« Eugene Nida, traducteur et anthropologue américain, a contribué à donner à latraduction biblique une méthode de travail qui influence de nombreusestraductions dans le monde entier avec son élaboration de l’équivalencedynamique en traduction. L’objectif de l’équivalence dynamique est de rendre letexte biblique aisément compréhensible pour le lecteur non averti, et depermettre à ceux qui sont familiarisés avec la Bible d’apprécier d’une nouvellemanière le sens et la richesse de son message. Voir E. Nida, Comment traduirela Bible. Alliance biblique universelle, 1967. »
9.Nan etidnou endike a, Marie-Christine Hazaël-Massieux rele « haïtien » lang kreyòl peyidAyiti. Pou m fè konprann pi byen pati teks m endike a, m ranplase mo « Ayisyen» ak mo « kreyòl ».
10.SamuelPierre (2013). « L’ISTEAH : faire de lascience et de la technologie les moteurs du développement d’Haïti ». PilbilikasyonHaïti Perspectives, vol. 2 no 1, Montréal. Nan menm piblikasyon saa, teks la parèt nan kreyòl anba tit « ISTEAH: fè lasyans ak teknoloji tounen motè devlopman Ayiti ». Haïti perspectivesse yon piblikasyon GRAHN (Groupe réfleksyon ak aksyon pou yon lòt Ayiti).
11.Pou noubyen konprann demach la, m ta renmen pote yon presizyon sou nosyon « unitéterminologique » la ki se yon eleman ki gen sans; li kapab yon sèl mo(mo senp) oswa plizyè mo (mo konpleks). Li reprezante yon nosyon ki kenbe sansli kelkeswa domèn nan).
12.Gran diksyonè tèminolojik, GDT :http://www.granddictionnaire.com/ficheOqlf.aspx?Id_Fiche=8360843
13. Al gade sit entènèt SAKS la : http://www.saks-haiti.org/spip.php?article193
14. Al gade Berrouët-Oriol, R., D., Cothière, R., Fournier, H., Saint-Fort(2011). L’aménagement linguistique enHaïti : enjeux, défis et propositions. Edisyon Cidihca ak Edisyon inivèsiteLeat Ayitii. Al gade tou Robert Berrouët-Oriol (2014). « Plaidoyer pour une éthique et une culture des droits linguistiques enHaïti ». Edisyon Cidihca (Montréal) et Centre œcuménique des droits humains(Port-au-Prince). Pou li « Plaidoyer » sa a ou kapab klike sou lyen an :http://www.berrouet-oriol.com/linguistique/amenagement-creole-et-francais