Ki lè pou nou sòti anba bòt kwokodil ?
Hugues Saint-Fort
Oktòb 2015
Anba bòt kwokodil
Woman
PatrickSylvain
TrilingualPress, Cambridge, Massachusetts, 2015
PatrickSylvain se yon ekriven ayisyen ki ap viv lan eta Massachusetts, anndan peyiEtazini, kote anpil moun lan kominote ayisyen an konnen li. Li se yon powèt,yon eseyis, yon pwofesè inivèsite (Brown University), e li pibliye plizyè rekèypowèm, plizyè esè, ak anpil atik jounal, magazin, e revi. Patrick Sylvain seyon entèlektyèl piblik (public intellectual / intellectuel public) ki fèentèvansyon non sèlman sou kesyon ki konsène Ayisyen (pa egzanp, li pa dakò pourele lang ke pèp ayisyen pale, kreyòl, li vle pou rele li, ayisyen), mentou sou pwoblèm lan sosyete meriken an ki ka afekte imigran ayisyen.
Anbabòt kwokodil sepremye woman Patrick Sylvain pibliye. Li rakonte istwa 2 jenerasyon Ayisyen.Youn ki te viv pandan epòk okipasyon blan meriken e ki kontinye viv rive jislan fen ane swasant yo. Se te jenerasyon Dèlfis ak madanm li, Èzila. Okipasyonmeriken te afekte Èzila anpil piske manman li, Mari-Jo, te vann li « nanlane 1928 bay yon sèjan nan lame ameriken. Lè sa a, Èzila te fèk gen 19 an, epise te premye plasaj li » (paj 24). Dèlfis t ap mouri damou pou Ézilamen li pa te kapab fè anyen paske sèjan meriken an te achte Èzila. Men, lanmouDèlfis pou Èzila te pisan anpil piske kou militè meriken yo kite Ayiti an 1934,Dèlfis te kouri marye ak Èzila.
Dezyèmjenerasyon an se jenerasyon Jozafa ak Malèn. Jozafa se pitit Dèlfis ak Èzila. Jozafaak Malèn pa te sibi imilyasyon Dèlfis ak Èzila te sibi lan men militè merikenpandan Okipasyon an. Men, yo te gen pwoblèm tou lan pwòp epòk pa yo a. Se te epòk mitan ane 1950 yo rive lan fen ane 1960 yo, lèDivalye t ap toupizi majorite Ayisyen ki t ap viv ann Ayiti. Donk, nannan womanan se istwa represyon sovaj ki toujou yon malè pandye sou tèt pèp ayisyen. Lèmalè pandye sa a pa sòti deyò (Okipasyon blan meriken 1915-1934), se anndanAyiti menm li sòti, lan men otorite ayisyen yo. Genyen pèsonaj lan woman an kerepresyon sa a make pou tout vi yo, tankou Èzila, manman Jozafa, ki pa jannsispann rayi tout militè, meriken tankou ayisyen. Pi gwo lapenn Èzila se lè liwè pwòp pitit pa li, Rafayèl, « te bay fanmi an do lè li te desiderantre nan Akademi Militè » (paj 17).
Anbabòt kwokodilse istwa lanmou Dèlfis ak Èzila, epi Jozafa ak Malèn. Kalite lanmou Dèlfis tegenyen pou Èzila lan jenès yo kontinye ant Jozafa ak Malèn. Naratè a pran plezipou li rakonte jan lanmou sa a byen kanpe depi Jozafa ak Malèn te fèk kòmanserenmen lè yo te genyen disèt lane. Nou jwenn lan woman sa a kèk michandeskripsyon ki montre jan Patrick Sylvain metrize estetik deskripsyon. Lanliterati fiksyon kreyòl pa genyen anpil egzanp tèks ki kapab konpare ak deskripsyondetaye Sylvain mete lan woman li a. Gade pasaj sa yo:
Èzilaabiye ak yon moumou ble kaki manch kout ki gen de gwo pòch sentre ak dantèlwouj devan an; moumou an louvri sou devan, dènye bouton an bay sou nivo lonbrikÈzila. Yon sabo semèl bwa kouvri ak kui nan pye l, yon mouchwa wouj pal marenan tèt li ak yon gwo ne tonbe dèyè kou l. Èzila se yon bèl kreyòl je klere kigen bèl dan zo; lè li souri ba ou, gen de twou bote ki parèt sou kote machwè l.Pou Dèlfis, genlè, tank Èzila ap rantre nan laj, se tank li vin pi bèl. Toutkaraktè l, tout fizik li, tout etadam kouvri ak bote. (paj 71).
Genplizyè pasaj lan woman sa a ki ranpli ak detay lan deskripsyon Patrick Sylvainmete lan liv li a. Womansye an pran plezi pou li fè sa. Mwen ranvwaye lektè a lanpaj 114 rive paj 129 kote Sylvain ap dekri seremoni maryaj Jozafa ak Malèn. Yonbon mwatye woman an se deskripsyon moun, osnon rakonte evenman ki te pase lanLeyogàn. Kòm konsekans, aksyon an pa vanse ditou. Lektè yo oblije ret tann jislan dènye 40 paj yo pou yo jwenn aksyon, kote Rafayèl, lòt pitit gason Èzila kite antre lan Akademi militè, apre li te eseye vin gate resepsyon maryaj Jozafaak Malèn, te rive atake epi tire sou Jozafa paske jalouzi te anvayi kè li.
Fenwoman an rezève anpil sipriz ke mwen p ap devwale pou m ka kite lektè yo jwievolisyon istwa a ki te pran anpil tan pou layite kò li.
Anplisanaliz sosyal e politik ki detaye lan Anba Bòt Kwokodil, sa ki bay womanan plis enterè se travay sou lang lan Sylvain deplòtonnen tout longè depi lankòmansman rive lan fen. Travay kreyasyon leksikal Sylvain mete lan woman anmontre nou enpòtans ekri an kreyòl pou devlope yon bon jan literati kreyòl. Menkèk egzanp kreyasyon leksikal lan woman an :
Jozafasouri, epi li panse a Malèn Senpyè, yon bèl Ayisyèn po karamelize k apfè piwèt nan rèv li. (paj 17).
Woujasyon syèl la te kòmansedisparèt tèlman nwasè lanjelis te fin vale tout klète solèy. (paj 21).
Dèlfiski wè wontaj Jozafa a sensè, oblije bay misye yon bèl akolad tou. (paj 38).
Dèlfisak Èzila pantan. Toulède kouri dezanbrase. (paj 39).
Dènyemo Rafayèl yo redi sot nan bouch li tankou sòs tomat k ap kongoute manyon boutèy kètchòp. (paj 249).
Swafte vanjans te chita nan kwenbouch makout tèlman yo te antyoutyout pou yo kabaye ak mitraye. (paj 250)
Li temete dyanmte fanm li sou li… (paj 251).
Sylvainchwazi pou li ekri yon tèks literè. Sa vle di gen yon dimansyon estetik lantravay li a. Otè a kreye mo nouvo, li bati fraz ki pa sanble ak fraz moun liosnon pwononse toulejou, li ensite lektè yo santi yon lòt fason, panse yon lòtfason. Aparamman, otè a gen konsyans pozisyon ekriven li ki antre lan yon nouvo« champ littéraire » kote chak ekriven pote lide tou nèf,estetik tou nèf, ak pwòp vizyon pa li.
Sedomaj anpil travay edisyon tèks la pa fèt kòm li te dwe fèt. Editè a lèse paseanpil kokiy (pa egzanp, gade lan paj 25 lan fraz sa a ke m ap repwoduiegzakteman jan li parèt lan woman an) :
LèÈzila abiye ak karakòl byen plise ki dekore ak dantèl wouj sou yon twal ble,sapa t’an kui nan pye li, tout oun di ke Èzila sanble ak Èzili Dantò ki pralmarye.
Yonlòt « oubli » ke editè a kite pase se lè li fè 2 inite leksikaldiferan tounen yon sèl, tankou lan fen fraz sa a :
Kounyea kisa (sic)ou panse devinèt lan vledi ? Yon analiz lengwistik fraz sa ata montre ke nou ta dwe ekri : vle di », donk 2 mo, piskenou gen devan nou 2 vèb : vle + di. Mwen konstate ke deplizanpli kaliteerè sa yo ap fèt lan ekri kreyòl, espesyalman lan kontèks kote gen prepozisyon« pou » ki presede fòm kout pwonon pèsonèl « li ». Egz.« poul ka jwe match la… » alòske fòm kòrèk la se « pou lka jwe match la … ».
Mwenespere Anba bòt kwokodil se p ap dènye woman Patrick Sylvain. Misyemontre anpil kalite yon vrè ekriven, non sèlman lan fason li pratike lang natifnatal la men tou lan fason li devlope lide li yo.