Lang kreyòl ant pale ak rezistans : kèk esplikasyon selon Jean-Claude Bajeux
Par Jonathan Thermidor
Le National, 16 octobre 2018
Yon liv se yon gwo tèks ki demare ak yon lide epi ki gen yon bann lòt lide ki vin plotonnen sou premye a, men yo tout ansanm ap detaye yon sèl manman koze sou sa otè a wè, sa li tande ak tout sa ki touche venn sansib li. Konsa nou kab di
yon ekriven se yon kiltivatè ki ap pran swen tout lide li mete sou
papye pou li kapab fè yon bèl jaden. Nou jwenn pawòl sa yo nan yon liv
Michel-Ange Hyppolite ekri ki pote non : Li, konprann, ekri yon ti jaden kreyòl (p.6).
Nan menm sans sa tou, Jean- Claude Bajeux, nan yon liv li rele :
Mosochwazi pawòl ki ekri an kreyòl ayisyen ranmase yon bann lide sou
kontèks difisil lang kreyòl la te rive kreye. Men sa li ekri nan kèk pawòl ki komanse liv la : Lang kreyòl la fèt nan mitan tout boulvèsman ki fèt lè blan yo kòmanse fè benefis avèk peyi Lafrik yo, blan peyi yo rele Pòtigal voye bato yo sou tout kòt Lafrik pou yo fè komès. Ki lang maren sa yo te pale avèk Afriken yo ? Nou ka imajine se lè sa kreyòl la te kòmanse parèt, kreyòl pale, kreyòl konprann. Tout moun konnen kijan Kristòf Kolon parèt nan Karayib la, Blan yo al chèche Afriken yo nan peyi Afrik, mare yo pou mennenn yo al travay lan plantasyon tankou esklav.
Nou ka imajine donk lang kreyòl la kòmanse parèt depi nan rivaj Lafrik,
sou tout bato k ap fè komès esklav, jouk li rive nan peyi Karayib yo, sou plantasyon yo, lan kuizin ak sou galri blan yo. Nou ka imajine kòman yo dezabiye lang Blan an, menm jan tou, anpil ane, anpil syèk anvan, tout moun lan peyi Ewòp te dezabiye lang laten an pou vin pale yon lòt lang. Ensidonk, tout kote blan yo te fè komès esklav, tout kote yo te gen plantasyon, lang kreyòl la te parèt : nou jwenn li nan zile yo rele Sechèl, bò kote peyi Madagaskar, li blayi nan tout Karayib la, Sent Lisi, Matinik, Gwadloup, Ladominik, Sendomeng jouk Ozetazini lan pwovens ki rele Lwizyàn lan.
Kreyòl la kòmanse fè chimen li, se te sèl lang mèt plantasyon an te ka pale avèk esklav yo, se te sèl lang yo te ka pale youn ak lòt. (P.2).
Yon lòt lide ki te atire atansyon Jean –Claude Bajeux se rive fè konnen
premye moun ki fè gwo travay pou analize lang kreyòl la. Li fè konnen
youn nan premye moun ki fè yon travay pou analize lang kreyòl la se
yon madanm peyi Dayiti ki te pibliye nan lane 1936, yon kokenn travay
sou lang kreyòl la : madanm nan rele Sizàn Silven. Li di nou ka sonje tou, deja nan lane 1869, lan peyi Trinidad, Djonn Jakòb Toma te pibliye yon gramè kreyòl ki te rele Kèk analiz sou teyori ak pratik lang kreyòl la.
Li ajoute pou l di : Anpil travay rete pou fèt, pou moun save yo ta esplike nou tout sa nou ta bezwen konnen sou kijan lang kreyòl la te fèt, kijan li evolye. Nou ta bezwen tou yon bon diksyonè lang kreyòl la, pou l ta di nou ki kote tout pawòl kreyòl la sòti. Nou ta bezwen tou yo ranmase nan tout peyi a tout kont k ap sikile, ki
lan memwa yon pakèt moun men ki poko sou papye. (P.3.)
Pandan chèchè a fè pwopozisyon yo, li raple pwoblèm achiv, enprimri ak
enstabilite fè gen anpil liv kreyòl depi nan tan lakoloni pou rive jounen jodia nou pa rive sove : Depi tan koloni an jouk nou rive nan Osval Diran(1885), sa w jwenn lan pa anpil, si w pa konsidere natirèlman, tout sa ki rete nan memwa pèp ayisyen, tankou pwovèb : sa yo rele ‘’literati oral la’’. Nou pèdi liv ki te egziste, tankou : kèk ti chante kreyòl yon nèg Okay yo rele Franswa Romen Lerison te fè. Oubyen ankò, yon katechis kreyòl ki te parèt Okap nan lane 1828 .Ensidonk, anpil pawòl pa janm mete sou papye, ou si kèk moun
rive ekri yo, yo parèt lan yon liv avèk yo, yo pa janm enprime l nan yon enprimri…jiskounye a, pwezi, teyat, chante moun ekri nan lang kreyòl ka rete nan tiwa yo, kote yo vin disparèt.
Men se pa sèlman pwoblèm sa yo nou te genyen pou nou ta rive gen yon koleksyon tèks kreyòl : pwoblèm dife, dlo, foumi, etc. (P.4)
Akote tout pwoblèm sa yo otè a site nan liv la , li poze tou yon seri kesyon menm jan ak anpil lòt ayisyen ki pako jwenn repons : Poukisa chante nasyonal peyi a, La Desalinyèn, Jisten Lerison te konpoze lan lane 1903, poko gen jiskounye a, yon tradiksyon ofisyèl nan lang kreyòl la ? Poukisa nou wè nan Katechis kreyòl Monseyè Kènizan te pibliye lan lane 1922, lapriyè ki rele’’ papa Bondye ki nan syèl ’’ pa tradui lan lang kreyòl ? Poukisa depi peyi Dayiti vin endepandan, lan lane 1804, okenn dokiman ofisyèl, okenn lwa, okenn konstitisyon pa pibliye nan lang kreyòl la ? Poukisa kòd sivil la, kòd
penal la pa ekri lan lang kreyòl la ? Poukisa tout kontra, tout diskisyon ak desizyon tribinal se lan lang fransè yo ekri ? Tout moun konnen se anba gwo presyon konstitisyon 29 mas 1987 la pibliye lan tou de lang yo : lang fransè ak lang kreyòl. Se premye fwa sa fèt depi 1804. Kreyòl la pa pale menm lan tout tèks ofisyèl yo. Se yon
bagay ki dwòl si w sonje kouman 9 Ayisyen sou 10 se kreyòl yo pale, se
kreyòl sèl yo konprann. (P.5)
Lè otè fin poze tout kesyon sa yo , li konstate li wè peyi a divize an de kan : ou gen yon lang ofisyèl, ou gen lang pèp la ; ou gen lang ki sèvi pou ekri, ou gen lang ki sèvi pou pale…byon divizyon konsa mennen nou daprè sa li fè konnen nan yon batay pou pouvwa, pou pran pouvwa, pou kontwole pouvwa. Pale fransè, pale kreyòl : se pa yon zafè pwezi k ap debat la a. Lang lan se yon zouti pou sa kontwole kijan ki moun ka rive pran pouvwa. Divizyon peyi a lan de lang, se yon gwo kesyon politik, se yon zouti nan batay pou pouvwa…
Pale fransè, pale kreyòl, se tou yon zouti ki sèvi pou favorize yon ti
ponyen lan sosyete a kenbe privilèj li. (P.6.)
Analiz ki fèt nan liv sa a montre sitiyasyon sosyolengwistik peyi a
grav anpil nan jan ekriven an prezante reyalite a : Anpil moun mete nan tèt yo kòmsi lang kreyòl la pa ka konpare ak lang fransè, kòmsi li ta yon lang ki pa gen okenn valè. Lide sa a chita nan tèt anpil moun. Se konsa ou wè Ayisyen ki pale lang kreyòl la sèlman lè yo ap viv aletranje, yo deklare se fransè yo pale, espesyalman lè pou yo
enskri timoun yo lekòl. Nou wè tou moun save tankou Lwi Jozèf Janvye
ak Dantès Bèlgad plede ekri kijan pèp ayisyen se yon pèp ‘’laten’’ paske se fransè yo pale. Ensidonk, depi anba jous anwo, nou asepte lide sosyete a foure lan tèt tout moun : swadizan kreyòl la se pa yon lang tout bon, swadizan nou pa ka sèvi avèk li nan lekòl.
Lè konsa nou bliye sa tout pwofesè konnen, tankou yon prensip bazik
pou fè lekòl, pou fè timoun aprann, yon prensip Monseyè Kènizan te
raple lan prezantasyon katechis kreyòl li pibliye lan lane 1910 : ‘’si w ap fè lekòl pou Jan, se ak lang Jan pou w sèvi’’. Sidonk n ap chache poukisa lang kreyòl la rete dèyè, nou pa bezwen konnen se pa pou de rezon ki pedagojik ou ki ta lengwistik (P.7) Analiz yo esplike toujou si kreyòl la dèyè toujou se pa sèlman : yon rezon pratik ki fè depi endepandans jouk jou jodi a, gouvènman ayisyen yo ap pale, ap ekri lang fransè a sèlman. Minis Bèna eseye, lan lane 1980, mande tout lekòl aprann tout timoun li ak ekri lan lang kreyòl la ki se lang manman yo. Yo pa koute li. Nou tou wè se pa rezon pratik ki fè tout gouvènman yo depi 1804 jis jodi a pa boule ak kreyòl la : rezon
an pi pwofon, li chita lan lide k ap pwonmennen lan tèt tout moun. Se
pa pou yon rezon pratik ki fè lang kreyòl la pa parèt lan liv lekòl. Se pa paske chak ane plis moun te pale fransè. Esplikasyon an chita yon lòt kote. (P.8).
Nan yon sitiyasyon konsa, fè pwomosyon pou lang kreyòl la
mande pou kontinye rapousuiv selon sa otè a fè konnen : kanpay
alfabetizasyon ki pou ta aprann tout moun li, n ap tann li toujou. Yo pako deside aplike desizyon minis Bèna pou fè tout lekòl lan peyi a aprann tout timoun li nan lang manman yo. Tout lwa nou genyen yo poko tradui nan lang kreyòl la. Avoka ak jij nan peyi a se fransè y ap pale, se fransè yap ekri. (P.12).
Malgre anpil rezistans, malgre barikad ki mete pou bloke lang
kreyòl la, otè a fini ak refleksyon li yo pou li di : Lang kreyòl la tounen yon zouti ki pou sèvi pèp ayisyen an pou li kanpe doubout, tankou yon pèp ki konnen sa li ye, sa li vle. Lang kreyòl
la tankou yon zouti pou pèp ayisyen an chante lavi tankou yon pèp ki
granmoun, ki mèt tèt li. (P.12) Éske malgre tout rezistans sa yo, yon
jou na wè ni fransè ni kreyòl genyen menm plas nan tout domèn an Ayiti ? Pi devan na konnen.